I. Sòti 4000 AEN pou rive 1788 EN

Ispanyola, zile Ayiti ak Repiblik Dominikèn pataje jounen jodi a, kapab te gen moun sou li depi nan lane 4000 AEN. Moun sa yo, sanble se te migran ki ta soti nan Amerik Santral alorijin. Rive 1200 EN, sivilizasyon ki sot nan nò karayib la te melanje epi yo evolye pou tounen Tayino; Kristòf Kolon te rankontre yo lè l te rive nan ane 1492. Kolon te tounen rapid rapid nan peyi Espay pou bay lakou wayal la rapò l. Men yon bato, Sannta Mariya a, te fè nofraj sou lariv zile a epi ekipaj li te ret dèyè. Yo te tabli yon koloni, Navidad, Tayino yo te detwi lè Panyòl yo te pwovoke yo. Lè Panyòl yo te tounen nan lòt vwayaj yo te fè apre, yo te domine Tayino yo, ki te mouri akòz maladi ak twòp travay. Yo te touye lidè endijèn tankou Anakawona. Pandan kantite Tayino yo t ap vin pi piti, epi moun tankou pè espanyòl Bartolomé de las Casas ki te senpatize avèk yo te vle defann yo, kolon yo te kòmanse fè yon gwo kantite Afriken vini. Yo te fè yo tounen esklav pou travay pou yo, sa ki te vin bay kòmès esklavaj Atlantik la.

Malgre premye kou wa espanyòl la nan Amerik yo se te Royal Audiencia de Santo Domingo, ki te kreye nan ane 1526, Espanyòl yo te kòmanse neglije Ispanyola kanmenm, lè yo te dekouvri metal presye nan Amerik Santral ak Amerik di Sid. Kidonk, pirat fransè, flibistye, te jwenn chans tabli nan sa k vin tounen Ayiti jounen jodi a. Pou konsolide pouvwa yo sou nouvo sosyete sa a, monachi fransè a te ankouraje anpil plantè tabli la. Plantè yo te fè Afriken yo te fè tounen esklav vini pou kiltive tabak, digo ak sik ki te vann ann Ewòp. Nan trete Rizwik 1697 lan, Lespay te bay Lafrans pouvwa sou pati lwès Ispanyola a. Koloni a, ki te vin rele Sen Domeng,

t ap vin tounen pi gwo avantaj nan ekonomi atlantik fransè a. Yo te eksplwate esklav Afriken yo yon fason ki brital anpil, men genyen ki te sove epi ki te tabli sosyete mawon yo. Nan ane 1685, lakou a te vini ak Kòd Nwa a, ki te pèmèt pwopriyetè esklav disipline esklav yo ak anpil vyolans. Kòd la te pèmèt pwopriyetè esklav yo libere yo tou, epi li te pèmèt esklav yo achte pwòp libète pa yo, depi pwopriyetè yo te dakò. Kidonk, nan ane 1790, te gen anpil moun lib ki pa t blan, anpil nan yo te egzije menm libète ak blan yo. Genyen ki te patisipe nan enfantri volontè fransè ki te ede Etazini jwenn endepandans li.