XI. Sòti 1986 pou rive 2013

An 1986, majorite popilasyon an te kont diktati Divalye a, kit se te lame, biznisman, peyizan, oubyen lekòl ak kominote ki baze nan legliz. Finalman, 7 fevriye menm ane a, konspiratè nan lame a te mete Divalye atè, yo te pran pouvwa a e yo te pwomèt yon tranzisyon pou rantre nan demokrasi. Men, anpil Ayisyen pa t kontan avèk aksyon lame a, yo itilize vyolans pou yo tire revanch sou Tonton Makout yo epi pou anpeche Divalye retounen. Anpil pran lari pou pwoteste kont nouvo politik liberal nan komès e pou yo sipòte yon konstitisyon ki ta pral limite otorite lame. Lame itilize lafòs pou reprime opozisyon an epi kenbe pouvwa a. Men an 1989, lame te sou presyon pou li kite sa, pou li ka pèmèt eleksyon prezidansyèl fèt, sou sipèvizyon yon konsèy ki reprezante pati politik demokratik yo, ak yon prezidan pwovizwa, Èta Paskal Twouyo, premye fanm prezidan Ayiti. Se yon pè katolik popilè, Jan-Bètran Aristid ki te alatèt yon mouvman politik yo rele Lavalas ki te genyen eleksyon yo an 1990, men lame te ba l yon koudeta nan menm ane a. Pou fòse lame a demisyone e pèmèt pwosesis demokratik la kontinye, kominote entènasyonal la aplike yon anbago ki kraze ekonomi peyi a. Anpil Ayisyen pran wout legzil, sa ki rete dèyè yo vin depann sou transfè lajan. Akòz sa, Aristid ak kèk lòt ki suiv li te tèlman vle entegre dyaspora a nan peyi a, omwen an pawòl, yo rele yo « dizyèm depatman. »

Sòti 1992 rive 1994, Etazini te entèvni bò kote Nasyonzini pou remete Aristid sou pouvwa a. Bò kote pa l, Aristid pwomèt ak kè sere pou li travay avèk Etazini epi Fon Monetè Entènasyonal pou bese taks sou komès. Si bese taks yo te ede endistri asanblaj yo ak gwo bwat ameriken yo ki t ap fè komès ak yo, sa te bay peyizan yo anpil pwoblèm pase yo te deja ap goumen ak ewozyon latè a, yo pa t ka batay kont pwodui enpòte ki vann pi bon mache ansanm ak asistans alimantè a. An 2004, yon koudeta paramilitè jete Aristid, yon evènman ki pwovoke anpil gwo diskisyon. Avèk èd Nasyonzini, prezidan ki suiv Aristid la, Rene Preval, mete lapè nan peyi a, yon lapè ki ta pral boulvèse akòz kriz mondyal alimantè 2007 la. Epi, an 2010, yon michan tranblemanntè touye moun, blese moun e blije plizyè santèn milye moun deplase, sa ki ogmante depandans Ayiti parapòa kominote entènasyonal la ak ONG yo. Malgre sa, Ayiti kenbe e li koumanse rekonstwi tèt li.