II. Sòti 1789 pou rive 1804

Nan mwa me 1791, twa lane apre kòmansman Revolisyon Fransè a, Asanble Nasyonal Pari a te bay nèg ki fèt lib nan Sen Domeng menm libète ak blan yo. Lè nan mwa dout blan nan koloni an te toujou refize rekonèt dekrè sa a epi yo te panse separe ak Lafrans, moun koulè lib yo te antre an rebelyon. Pandan tan sa a, nan menm mwa a, esklav te pran zam nan zòn vil pòtyè Kap-Franse epi yo te fè alyans ak Lespay, ki t ap fè lagè ak Lafrans. Apre sa, nan fen 1793, Bretay, ki t ap fè lagè ak Lafrans tou, te anvayi koloni a. Pou eseye ramne ansyen esklav yo sou bò pa yo epi sove koloni a, komisè fransè a, Léger-Félicité Sonthonax, te pwoklame fen lesklavaj, yon desizyon Konvansyon Nasyonal Fransè a te apwouve nan lane 1794 ; desizyon sila a te aboli lesklavaj nan anpi fransè a. Pandan kèk rebèl te rete fidèl ak Lespay, Tousen Louvèti, lidè revolisyonè tout moun te aklame a, te chanje bò pou ede Franse mete Espanyòl ak Anglè deyò. Apre de lane, Lespay te fè lapè ak Lafrans. Li te rale kò l epi l kite Lafrans kenbe pati lwès Ispanyola a. Pandan tan sa a, ansyen esklav ki te sou zòd Tousen, ansanm ak moun ki pa t blan yo -- yo te vin rele yo « ansyen lib » -- ki te sou zòd Andre Rigo, te bat Anglè yo, ki te rale kò yo an 1798.

Yon ane apre, Rigo te refize rekonèt otorite Tousen epi de lidè yo te fè lagè. Tousen te genyen epi l te vin dirije koloni a antanke gouvènè. Li te libere esklav yo nan pati lès Ispanyola a. Men, nan ane 1802, Napoleyon te voye yon lame pou remete ansyen rejim plantasyon an sou pye nan koloni a. Yo te arete Tousen epi yo voye l an Frans kote yo te mete l nan prizon epi l te mouri la. Apre sa, Lafrans te vin pran pati lès Ispanyola a ankò. Pandan tan sa a, lyetnan Tousen yo, Jan Jak Desalin ak Anri Kristòf, te bay legen pandan yon ti tan epi yo te fè yon ti tan ap batay ansanm ak fransè yo pandan yo t ap tann pi bon moman pou yo tounen nan revolisyon an. Pandan tan sa a, pou ranfòse pouvwa yo, yo te kouri dèyè revolisyonè ki te fèt ann Afrik ki pa t fè bak devan Lafrans. Finalman, nan fen lane 1802, yo te vire kont Fransè yo, ki te febli akòz lafyèv jòn ak lagè. Ansanm ak Jeneral Aleksann Petyon ki te sèvi anba Rigo, yo te bat kòmandan fransè a, Kont Rochanbo. Dènye batay la te fèt Vètyè nan lane 1803. Premye janvye 1804, Jeneral Desalin te deklare endepandans Ayiti, dezyèm nasyon endepandan ak premye revolisyon esklav ki reyisi nan kontinan ameriken yo.