III. Sòti 1805 pou rive 1820

Yon fwa peyi a vin endepandan, se Anprè Jan Jak Desalin ansanm ak lame revolisyonè a ki te dirije Ayiti. Li pa t kraze lame a paske Lafrans te refize rekonèt endepandans Ayiti epi yo te menase pou atake nan nenpòt ki moman. Lòt nasyon pa t vle ede Ayiti paske yo te pè pou egzanp Ayiti a pa t enspire lòt moun ki t ap soufri anba represyon al chèche libète, jan sa te fèt nan peyi Kiba, nan Brezil ak nan Kolonbi. Malgre sa, Ayiti te ofri refij ak yon pasaj san krent ansanm ak zam bay revolisyonè tankou Francisco de Miranda epi pi devan, nan lane 1815, bay Simon Bolívar.  Nan peyi Etazini, kèk abolisyonè te apwouve endepandans Ayiti epi gen machann ki te vle fè komès ak nouvo nasyon an. Men rapò sou pèsekisyon Fransè ki te rete Ayiti yo t ap sibi ansanm ak posibilite pou ranvèsman vyolan esklavaj la te gaye lòt kote, tout sa te enkyete pwopriyetè esklav yo. Kidonk Etazini te refize rekonèt endepandans Ayiti, menm si gen anpil chans Napoleyon Bonapat pa t ap janm aprouve lavant Lyizyàn an 1803 si revolisyon ayisyen an pat deranje anbisyon enperyalis li sou kontinan ameriken an. Desalin te gen detèminasyon pou anpeche tout tantativ ewopeyen pou fè dappiyanp sou Ayiti, ki fè li te anvayi pati lès Ispanyola a an 1805, men li pa t rive mete Franse ak Espanyòl deyò. Men, kat ane apre, Franse yo te remèt Lespay teritwa sa a, lè moun ki abite koloni panyòl la te kòmanse bouke ak gouvènans franse a epi Napoleyon te genyen pou l konsantre l sou lagè ki t ap fèt ann Ewòp.

Lè yo asasine Desalin an 1806, Ayiti separe pou fè de peyi: Anri Kristòf te chèf pati nò a epi Aleksann Petyon t ap dirije sid la. Pandan youn pa t ka konkeri lòt, toude te ankouraje revòlt nan teritwa yo lòt. Akòz lagè sivil ki te ba yo anpil pwoblèm, toude te genyen pou repare ekonomi yo ki pa t bon menm. Alòske Petyon t ap separe plantasyon yo bay sipòtè li yo, Kristòf te kenbe pa li yo entak epi li te fè tout moun tounen al travay. Li te menm deplwaye « kò wayal Dayome » li a, ki te swadizan soti ann Afrik, pou kontwole pèp li a epi pini moun ki pa t prezante nan travay yo. Ni Kristòf ni Petyon te fè pwomosyon edikasyon. Pandan Kristòf te envite abolisyonis Anglè pou ede ouvri lekòl nan nò, Petyon te kreye yon lise Pòtoprens ak yon pansyon pou bay jenn fi edikasyon. Men nan ane 1818, Petyon te mouri ak lafyèv jon. Jan Pyè Bwaye ki te suiv li te reyini Ayiti, de lane apre, paske Kristòf te vin soufri yon kriz epi li te touye tèt li.