IV. Sòti 1821 pou rive 1845

Apre de pati Ayiti yo te vin fè youn, premye priyorite Prezidan Jan Pyè Bwaye se te prezève endepandans Ayiti. Menm si li pa t fè Lespay konfyans nan entansyon l pou pati lès Ispanyola a, li te krenn separatis Dominiken plis toujou. Nan ane 1821, yo te deklare endepandans yo parapò a Lespay epi yo te mande Simon Bolívar pou l admèt nouvo peyi a nan Gran Kolonbi. Bwaye te monte yon lame epi nan ane 1822, li te pran pati lès Ispanyola a ankò. Pandan tan sa a, li te kenbe bon rapò ak abolisyonis Ewopeyen epi li te eseye ankouraje nwa ameriken vin tabli ann Ayiti. Epi tou, li te mande lòt peyi tankou Larisi pou yo rekonèt endepandans Ayiti. Men okenn peyi pa t vle kwaze Lafrans pou rekonèt Ayiti ofisyèlman. Finalman, nan ane 1825, Lafrans deside li t ap rekonèt endepandans Ayiti ofisyèlman si Bwaye te peye yon dedomajman. Bwaye pa t gen lòt chwa ke aksepte, akòz bato franse te gen tan pran pozisyon pou atake peyi a si l te refize. Dèt sa a se te yon gwo chay, sitou Bwaye te oblije prete nan men Lafrans pou fè premye peman yo sou dedomajman sa a, epi li pa t rive remete ekonomi plantasyon an an plas ak kòd riral 1826 li a ki te baze sou represyon anpil. Pèp ayisyen an pa t deside negosye endepandans yo a. Yo te gen detèminasyon pou viv kòm peyizan otonòm, epi anpil Ayisyen andeyò te tabli yon fòm elaji pou lavi an fanmi ki te pote non « lakou », sou ti pwopriyete ki te ret nan fanmi yo, jenerasyon apre jenerasyon. Lakou yo te gen anpil lyen ak pratik Vodou kòm relijyon ki baze nan fanmi.

Bwaye te gen lòt pwoblèm tou. Te toujou gen gwo divizyon ant Ayiti ak legliz katolik women. Nan pati lès Ispanyola a, separatis Dominiken yo te òganize yon mouvman endepandans an kachèt. Gwo dife te menase vil Ayiti yo. Yon michan siklòn te kraze sid la an 1831. Epi yon tranblemanntè te frape Okap an 1842. Bwaye te gen pwoblèm politik tou. An 1843, Chal Rivyè-Era te ranvèse misye, epi Rivyè-Era te pwomèt pou l fè Ayiti vin pi demokratik. Men, annik li fin pran pouvwa a, li voye advèsè li, Lisiyis Salomon ann egzil. Peyizan ki pa t kontan ak Era te mobilize dèyè yon chèf polis riral ki te rele Jan Jak Akawo. Yon pi gwo frap pou Era se te yon gè ki te koute anpil kòb pou eseye kraze yon revolisyon nan pati lès Ispanyola a ki te genyen kòm rezilta endepandans dominiken an 1844. Ansyen sipòtè Bwaye te pwofite okazyon sa a pou ranvèse Era epi tounen sou pouvwa a dèyè prezidan popetwèl Filip Gèrye ak Jan Lwi Pyewo.