V. Sòti 1846 pou rive 1873

Nan ane 1846, ansyen lyetnan Kristòf la, Jan-Batis Riche, te ranvèse Prezidan Jan-Batis Pyewo. Riche te gen swasann sèt lane lè l te vin prezidan epi li mouri ane ki vin apre a. Ansyen sipòtè Bwaye yo nan sena a te chwazi Fosten Soulouk, yon kòmandan militè ki te sèvi anba zòd defen prezidan an, pou pran plas li kòm prezidan popetwèl yo sou pouvwa a. Pou asire yo okenn nasyon Ewopeyen pa t ap repran Repiblik Dominikèn epi menase endepandans Ayiti, Soulouk te fè lagè ak Dominiken yo. Men lè li pèdi mal, li tou pèdi sipò l te genyen lakay li epi l te oblije chèche ranfòse pouvwa l. Malgre sena a pa t apwouve sa, li te gouvène antanke anperè. Mekontantman te boujonnen jouk pwòp lyetnan li, Fab Jefra, te vin ranvèse l.

Nan ane 1860 yo, Ayiti t ap viv nan yon pwosperite, an pati akòz lagè sivil nan Etazini. Yon fwa eta esklavajis yo te rale kò yo, Prezidan Abraham Lincoln pa t wè rezon pou l pa t reponn pledwaye senatè Charles Sumner pou rekonèt endepandans Ayiti ofisyèlman an 1862. Epi tou anbago Inyon an te enpoze sou leta konfedere yo te lakòz koton vin yon danre ki ra, e sa te anrichi kiltivatè ayisyen yo. Pandan tan sa a, Jefra ak minis li yo te bati nouvo lekòl. Yo te envite nwa Ameriken vin tabli yo ann Ayiti epi yo te met fen nan divizyon ant Ayiti ak legliz katolik. Dènye bagay sa a t ap fè rayisman moun te genyen pou Vodou tounen pi rèd. Se pa tout moun ki te apresye Jefra. Youn nan moun ki pa t apresye l yo, Silven Salnav te pran Okap nan lane 1865 nan tèt yon lame. Lè Jefra antoure vil la, Salnav sove al ann egzil. Men, mach prezidan an sou Okap te wete sou popilarite l. Lè Salnav tounen an 1867, li te rive pran pouvwa a. Tan Salnav te fè sou pouvwa a te pase nan jere konfli. Premyèman, Legliz la pa t apresye atitid rekonsilyan li te genyen parapò a vodou a ditou. Apre sa, ansyen alye li, Jan-Nikola Nisaj-Sajè ansanm ak yon lòt opozan, Michèl Domeng, te antre an rebelyon. Sajè te genyen lagè a. Men, nan ane 1869, Dominiken, sou zòd Buenaventura Baez, te rive konvenk Prezidan Etazini Ulysses S. Grant pou l pwopoze yon trete bay Kongrè a pou yo anekse Repiblik Dominikèn. Endepandans Ispanyola te prezève lè senatè Charles Sumner te mobilize sena a ki te vote pou rejte trete a nan lane 1870.