VI. Sòti 1874 pou rive nan 1895

Lè lagè Salnav la te fini, Ayiti te an movèz eta. Prezidan ki te vin apre Jan-Nikola Nisaj-Sajè a, Michèl Domeng, ansanm ak  neve li Septimis Ramo te vle rekonstwi nasyon an, avèk ray pou tren ansanm ak yon palè tou nèf. Men yo pa t ka jwenn lajan yo te bezwen an. Rive nan ane 1876, Ayiti te divize ant Prezidan ki te vin apre Domeng lan, Pyè Teyoma Bwawon-Kanal ak Senatè Jan-Pyè Bwaye-Bazlè. Se patizan Bwaye-Bazlè ki te fòme Pati liberal la. Divizyon sa a te bay Lisiyis Salomon, ansyen minis finans anperè Fosten Soulouk, chans pou l te tounen Ayiti epi pran pouvwa a. Ak pati nasyonal la dèyè l, Salomon te kreye bank nasyonal Ayiti a epi li te fin peye lajan dedomajman Lafrans te mande a. Men, an 1883, nasyonalis ak liberalis te tonbe fè lagè. Sipòtè Salomon yo nan Pòtoprens te si tèlman vyolan, yo te touye anpil patizan Bwaye-Bazlè nan mezon komès yo. Pandan plizyè dizenn ane ki suiv yo, bizismann alman, bizismann alman ak komèsan kretyen libanè vin ranpli vid ki te genyen nan ekonomi ayisyen an epi yo tabli yo sou zile a yon fason pèmanan.

Evènman 1883 yo te kraze popilarite Salomon. An 1888, li te oblije kite pouvwa a epi se pwòp sibòdone li, Franswa Lejitim, ki te ranplase li. Ane apre a, Flòvil Ipolit te jete Lejitim ki pa t ka kontwole liberalis yo. Ipolit ansanm ak minis finans ak afè etranje li a, Antenò Fimen, ki te fò anpil, te gen detèminasyon pou fè peyi a vanse. Sou Ipolit, leta te renove espas lavil yo. Fimen te ede ekri konstitisyon Ayiti a ankò. Epi tou, pandan Ipolit te fè lapè ak Repiblik Dominikèn, Fimen te rive kenbe souverennte Ayiti sou Mòl Sen Nikola, yon pò sou penensil nò Ayiti, Etazini te vle anfème. Pandan tout tan sa, Fimen te vle montre lemonn antye kapasite Ayiti genyen. Men, pa t janm gen solisyon pou inegalite anndan Ayiti. Pandan yon nouvo syèk t apral rive, Ayiti te yon kote ki te gen anpil inegalite. Mezon komès nan vil pò Ayiti yo te kontinye ap ranmase bon ti fòtin nan achte kafe peyizan te kiltive pou yo revann bay peyi ann Ewòp. Klas lelit la te plis idantifye tèt yo ak kilti franse a pase ak peyizan ki t ap travay pou soutni peyi a.