VII. Sòti 1896 pou rive 1914

Lè Flòvil Ipolit te mouri apre yon kriz an 1896, minis lagè li a, Simon Sam, te vin prezidan. Lè manda Sam te fini, alye li, Sensinatis Lekont, ta pral pran pouvwa a, jiskaske pi gwo entelektyèl ayisyen an, Antenò Fimen, ak sòlda ayisyen ki te gen plis eksperyans lan, Nò Aleksi, te met ansanm pou eseye pran pouvwa a. Men, apre yon tan, yo te vin vire youn kont lòt. Lè Aleksi fin genyen lagè a, Fimen te ale ann egzil. Sou Aleksi, Ayiti fete 100 lane endepandans li, men pri kafe a te ba anpil e sa te febli ekonomi a. Aleksi pa t rive konvenk Ewopeyen ki t ap kontwole bank nasyonal la pou yo te prete peyi a kòb pou devlope lòt endistri. Pandan ekonomi a t ap vin pi mal nan plizyè dizenn ane ki suiv yo, anpil Ayisyen te al travay Kiba, kote kilti Ayisyen fin pran rasin depi lè a. Pandan tan sa a, ann Ayiti, kretyen libanè yo – moun te deja pa renmen yo paske yo te vann pwodui enpòte ki sot Etazini – te tounen bèt nwa a. Se kont Fimen Aleksi te dirije kòlè pa l. Fimen  te tounen an 1908, men Aleksi te kale li ankò. Aleksi te ret sou pouvwa a rive nan fen ane a lè Antwàn Simon, kòmandan militè nan sid la, te ranvèse l.

Antank prezidan, Simon te gade bò peyi etranje pou chèche kòb li te bezwen pou amelyore ekonomi a. Bank Ayiti a te vin louvri ankò ak kapital ameriken ak ewopeyen, pandan Simon te bay Ameriken ak Alman konsesyon pou bati ray tren epi ouvri biznis. Men plis li bay konsesyon, plis li te pwovoke kòlè nasyonalis yo. Ak sipò lidè nan pwovens, Sensinatis Lekont te jete Simon an 1911. Antanke prezidan, Lekont te nonmen plizyè òm deta pou amelyore lekòl epi enstale telegraf. Yo te enpòte machin tou. Lekont te fè lwanj pou teknoloji. Li te konsidere Vodou tankou yon bagay primitif epi li te kite Legliz Katolik kondane moun ki te pratike l yo. Yon ane apre, Lekont vin mouri nan yon eksplozyon sanzatann nan palè a. Moun ki te vin apre l yo te rebati palè a epi yo kontinye travay pou amelyore edikasyon ; te gen anpil deba sou sijè sa a. Men, an 1914, lidè ki t ap goumen youn ak lòt nan pwovens te batay pou prezidans peyi a. Lè Lafrans ak Almay te voye bato de gè ann Ayiti pou pwoteje envestisman pa yo, prezidan Etazini an, Woodrow Wilson, te pè pou Lewòp pa t vyole sekirite ameriken nan lanmè bò kanal Panama a.