VIII. Sòti 1915 pou rive 1934

An 1915, lè yon foul te vin an kòlè paske yo te egzekite prizonye politik yo, yo touye nouvo prezidan Ayisyen an Vilbren Giyom Sam. Etazini voye militè li yo okipe Ayiti, jan sa te fèt Kiba, Pòtoriko, Nikaragwa, Filipin e, an 1916, Repiblik Dominikèn. Etazini te chwazi yon senatè, Sid Datignav, nan plas yon doktè, politisyen djanm, Rozalvo Bobo, pou vin prezidan Ayiti. Datignav aksepte yon akò ki te pèmèt Etazini konstwi yon nouvo jandamri pou kontwole peyi a. Etazini mande tou pou Ayiti adopte yon nouvo konstitisyon ki pèmèt moun ki pa Ayisyen achte epi posede tè nan peyi a. An 1917, Etazini te an gè kont peyi Almay ann Ewòp. Se konsa yo vin arête plis pase ven Alman ki te abite ann Ayiti epi yo mete yo nan yon kan detansyon. Lòt Ayisyen te blije travay nan kòve pou konstwi nouvo wout. Pandan opozisyon t ap ogmante, yon lidè ki sot nan pwovens, Chalmay Peralt, te mobilize yon lame peyizan; militè ameriken eseye kraze mouvman sa a. An 1922, kòm plizyè rapò rakonte move zak sòlda ameriken yo t ap fè, sa fòse sena ameriken an fè yon seyans diskisyon sou sa. Seyans lan pa t twò kritik men li mande kanmenm pou yo tabli yon nouvo estrateji ann Ayiti. Pita nan ane a, yo enstale yon nouvo prezidan, Lwi Bòno, ak yon Komisè Siperyè ameriken. Yo sipèvize envestisman nan sante piblik, nan edikasyon vokasyonèl, yon bagay ki te pwovoke anpil deba.

Okipasyon ameriken an fè nasyonalis ayisyen an kanpe djanm. Anpil entèlektyèl denonse enperyalis epi sèten ladan yo tankou Jan-Prays Mas te konsidere peyizan ayisyen yo ak vodou kòm sous pou bati yon nouvo idantite nasyonal. Ameriken te enterese nan vodou, men se te plis kòm yon komodite etranje, omwen an deyò kominote antwopològ yo. Ann Ayiti, te gen yon mouvman pou antre kilti peyizan an nan mizik, pwezi ak woman. Antretan, entelektyèl ak politisyen met tèt ansanm pou yo kreye Inyon Patriyotik, ki te kont lokipasyon an avèk sipò kèk senpatizan Afriken Ameriken. Men se sèlman apre grèv etidyan yo, epi lè solda ameriken touye yon douzèn manifestan Okay, yon vil nan sid peyi a, Etazini te deside kite Ayiti. An 1930, Asanble Nasyonal Ayiti a chwazi yon nouvo prezidan, Estenyo Vensan, pou sipèvize tranzisyon pou rive nan fen okipasyon an. Vensan nonmen Ayisyen pou pran responsabilite Travo piblik, Jandamri a ki te vin tounen Gad d Ayiti, ak nouvo sistèm edikasyon vokasyonèl la. Finalman an 1934, Etatzini kite peyi a e Vensan dekare dezyèm endepandans Ayiti a.