IX. Sòti 1935 pou rive 1956

Pandan Estenyo Vensan te prezidan, Ayiti envesti nan travo piblik ak edikasyon. Men, lè Vensan rive sou 7 an l o pouvwa, prezidan dominiken an, Rafael Trujillo bay militè yo lòd masakre Ayisyen nan Repiblik Dominikèn. Vensan vin pèdi popilarite l anpil akoz reyaksyon li alafen, se te aksepte dedomajman Trujillo te ofri. An 1941, Vensan kite pouvwa a, e anbasadè li te genyen nan Etazini, Eli Lesko, vin prezidan. Sou Lesko, relayson ant Ayiti ak Etazini ranfòse, alòske Panamerikanis t ap gaye nan sèk lelit yo. Ayiti deklare Almay nazi lagè, epi Lesko monte SHADA pou pwodui kawotchou Etazini te bezwen pandan Dezyèm gè mondyal la. Men Lesko pa t kapab kontwole nouvo mouvman politik liberal yo. Patizan Nwaris yo, ki t ap mande pouvwa pou nwa yo, te denonse politik Lesko ak jan li t ap gouvène. Feminis yo te vle fè tande vwa yo. E pandan Lesko t ap envite plizyè maksis tankou Jak Woumen patisipe nan gouvènman li an, anpil maksis, e menm Woumen te ladan yo, te panse Ayiti te bezwen yon lòd sosyal tou nèf ki ta nan enterè klas popilè yo, e pa sèlman nan enterè boujwazi a. Lesko pèdi plis popilarite ankò lè li aksepte Legliz Katolik met yon kanpay antisipèstisyon sou pye kont vodou, e tout moun vin wè SHADA pa t pwodiktif.

pwotestasyon te gaye tout kote jouk yo fòse Lesko al ann egzil an 1946, Asanble Nasyonal Ayiti a vote Dimasè Estime kòm prezidan. Ansyen pwofesè lekòl epi lejislatè, Estime te pi liberal pase moun ki te anvan li sou pouvwa a. Li kite ouvriye yo monte sendika. Li envite nwaris travay nan kabinè l. Li pa kite gwo konpayi ameriken yo fè sa yo vle, menm si desizyon li te pran pou li te nasyonalize Standard Fruit te fè endistri bannann ayisyen an anpil tò. An 1949 ak 1950, Ayiti selebre sant an fondasyon Pòtoprens ak yon ekspozisyon entènasyonal. Poutan, an 1950, militè yo te ranvèse Estime lè li t ap eseye pwolonje prezidans li. Pandan prezidans moun ki te vin apre Estime a, Kolonèl Pòl Maglwa, Ayiti te devlope anpil gras a pri kafe ak pit ki te monte byen wo, sa ki pa t rive souvan, epi tou gras a lajan endistri touris la. Nan epòk sa a, yo te anplwaye antreprenè ameriken pou sipèvize konstriksyon yon kokenn baraj, fanm yo te resevwa dwa pou yo vote, e dirijan yo te panche sou sitiyasyon timoun deplase, ki t ap travay kòm domestik san yo pa t gen gwo lespwa yo pral lekòl. Epoutan, lè siklòn Azèl frape an 1954, Maglwa pa t kapab kenbe. De lane apre, li vin demisyone.