« Ostyonoyid » (Basil A. Reid, Ph.D.)

Reid se  nan akeyoloji nan ‘University of the West Indies’, Mona, Jamayik. Li pibliye Myths and Realities of Caribbean History (2009).

Gen kèk liv istwa ki prezante Arawak ak Karayib yo tankou de gran gwoup ki te kolonize Karayib la. Men, rechèch nan domèn akeyolojik montre te deja genyen plizyè gwoup kiltirèl ki te ap viv nan rejyon an anvan 1492, tankou Kasimiwoyid, Òtoyowoyid, Saladoyid, Barankoyid, Twoumasan Twoumasoyid, Swazan Twoumasoyid, ak pèp Ostinoyid yo. Akeyològ Karayib yo bay diferan gwoup sa yo non dapre non zòn kote yo dekouvri kèk eleman kiltirèl ki gen rapò avèk chak nan yo. 

Ostyonoyid yo devlope tèt yo nan blòk Nò Karayib soti nan ane 600 rive 1200 anvan yo te vin melanje avèk Tayino yo Kolon te rankontre nan blòk sa a an 1492. Yo rele yo Ostyonoyid nan souvni zòn yo te dekouvri yo a ki se "Ostyonès". Kesyon orijin Ostyonoyid yo toujou kontinye fè deba. Yo te kwè tout Ostyonoyid yo soti nan Saladoyid yo nan zòn Pòtoriko, pètèt anba enfliyans kèk kominote ki te gen tan disparèt nan zòn lès Ispanyola. Men, yo dekouvri prèv ki montre Ostyonoyid yo soti prensipalman nan ansyen kominote Kasimiwoyid yo ki te yon melanj moun ki te soti nan Amerik santral al viv nan peyi Kiba ak nan Ispanyola.

Tradisyon Ostyonoyid la te yon esperyans ki pa te sanble avèk okenn lòt esperyans yo te jwenn nan Karayib la, li pa te sanble ak okenn esperyans yo te jwenn sou latè fèm kote Saladoyid yo te ap viv. Yo te viv nan yon seri vilaj ki te genyen yon seri estrikti sosyal ki pa te senp e yo te pratike agrikilti ak aktivite potri. Men, yo dekouvri lòt estil potri nan tradisyon Ostyonoyid yo, sa ki fè yo kreye yon seri ti kategori oswa ti gwoup yo rele : Ostyonan, Elenan, Meyakan, Chikan, ak pèp Palmeto yo.

Karakteristik potri Ostyonan yo se te yon seri ti tach nwa : se te motif debaz la sa, avèk yon kouch wouj ki sanble oranj yo mete sou yon gwo po an seramik an jeneral ki mens epi ki fèm anpil. Yo konsidere li jeneralman tankou yon dispozitif yo rele an anglè "redware".

Gwoup Meyakan an te reyini moun ki soti nan Ostyonan ki te ap viv nan vale Sibawo, nan Nò zile Ispanyola. Bò lane 800 yo konsa, moun ki soti nan gwoup Meyakan an te deplase pou ale viv nan zòn ki vin bay Jamayik ak Kiba jodi a. Konsa, yo te suiv tras zansèt Ostyonès yo. Meyakan yo te konn travay nan potri san penti, men, souvan, yo te konn dekore yo ak yo seri ti fant yo desine sou fòm yon liy dwat, desen espesyal, yon seri ti pwen, kèk ti bouton an ajil, kèk ti desen ki gen fòm jewometrik pat zannimo ak fòm bèt an jeneral.