« Endyen ki te ap viv nan Ispanyola yo » (Fred Olson (1891-1986)

Yon ekstrè ki soti nan tèks Olson nan ki rele On the Trail of the Arawaks (1974). Olson se te yon syantifik ki te ap viv nan Eta Connecticut. Enterè li pou sivilizasyon amerendyen yo te mennen li etidye istwa premye pèp Karayib yo. Li koleksyone anpil pyès epi li fonde mize yo rele Mill Reef Museum nan peyi Antigwa. Menm si Olson sèvi ak mo « Arawak » pou rele pèp natifnatal ki te ap viv nan Ispanyola, jodi a, anpil ekspè sèvi ak li pou dekri pèp ki te ap viv nan blòk nò Amerik Sid. Yo sèvi avèk mo « Tayino » pou rele premye moun ki te abite nan zòn ki vin bay peyi Bayamas jodi a avèk nan Gran Antiy yo.

Dapre diferan vwayaj mwen fè, pa gen okenn dout ke manyòk (kasav) se te nouriti prensipal  premye abitan (pèp natifnatal) Gran ak Ti Antiy yo, se menm bagay la tou pou moun ki te ap viv sou lakòt Giyàn nan, soti Giyàn franse ak Sirinam pou rive nan lès Venezyela. Kantite ti moso platin yo dekouvri nan divès kwen nan sit ansyen yo montre sa byen.  

Arawak yo te gen chans poutèt yo tonbe sou rasin sa a kòm prensipal sous nouriti yo, paske manyòk bay anpil lanmidon, plis pase nenpòt lòt pwodui oswa danre ki te disponib nan peryòd sa a e depi twa mil ane, plis pase mayi, pòmdetè ou menm ble ak sereyal yo rele òj la. Kòm pwoblèm pwovizyon alimantè yo te rezoud, Arawak yo te kapab devye fòs kouray yo de chache manje oubyen  ale lachas pou devlopman aktivite potri, fabrike laye oswa bichèt ou byen fè tisay twal; yo te menm ka jwe boul, fabrike yon byè ki ta sanble ‘chicha’ ke yo te konn fè avèk manyòk. Anpil nan rityèl yo pwobableman soti nan rit pou fè moun fè pitit ki lye ak nouvo pratik agrikòl pou pwodui manyòk. Pami Arawak yo, menm jan ak lòt gwoup yo, responsablite pratik seremonyèl yo sanble te nan men yon seri mesye ki pa te tèlman egzèse pratik chak jou yo tankou chache manje pou moun manje. Sanble se nèg sa yo, yon seri chamann, ki te devlope enterè pou aktivite estetik oswa atistik tankou penti, eskilti, dans, oswa menm sa nou ta kapab konsidere tankou  fòm espresyon estetik ki pi enpòtan,  relijyon.