« Moun Kolon te rankontre » (Irving Rouse, Ph.D. (1913-2006)

Yon ekstrè ki soti nan yon tèks Rouse ki rele The Tainos: Rise and Decline of the People Who Greeted Columbus (1992). Rouse te yon akeyològ, pwofesè nan antwopoloji, konsèvatè nan Mize Peabody nan Inivèsite Yale. Li dirije anpil fouy akeyolojik anpil kote nan Karayib la.

Kolon te vizite anpil gwo vilaj yo te etabli nan Ispanyola ak nan Pòtoriko. Yo chak te genyen yon kasik nan tèt yo. Vilaj yo te genyen anviron mil a de mil moun ki te ap viv ladan yo e yo te jwenn yon sèl gwo kay oswa 25 a 50 kay konsa. Yo tout te bati an bwa e yo te kouvri ak pay. Plizyè fanmi ki te gen lyen familyal te ap viv nan yon menm kay.

Yo te òganize vilaj yo an chèfri (yo chak te genyen yon òganizasyon yerachik kote gen chèf ki ap dirije). Gwoup moun chak chèf yo te ap dirije a avèk chèf distri yo te regwoupe tèt yo an chèfri rejyonal. Chak chèfri te genyen yon gran chèf distri nan tèt li, men se distri ki pi enpòtan an ki te dirije chèfri a.

Abitan vilaj yo te divize an de klas (nitayino ak naborya). Moun ki te ap obsève e analize sitiyasyon gwoup sa yo te menm panse yo te genyen menm nivo noblès ak yo oubyen ak ‘wotirye’ yo, sètadi moun ki lib epi ki genyen yon sèten nivo noblès tou.  

Kolon te kontan aprann ke Tayino yo te konn egzèse pwofesyon kote yo te travay ak lò paske sa te ba li posiblite ranbouse dèt li te genyen anvè kliyan li yo, wa ak rèn Espay. Tayino te konn travay ti moso lò lakay yo epi yo espoze yo nan yon seri ti asyèt.