« Nouvo Monn ak Ansyen Monn nan » (Valerie IJ Flint , Ph.D. (1936-2009))

Yon ekstrè liv Flint yo rele The Imaginative Landscape of Christopher Columbus (1992). Flint te yon istoryen britanik (anglè) e yon ekspè nan etid entèlektyèl medyeval yo.

Mwen pral eseye… konprann e rekonstitiye, non pa Nouvo Mond Kolon te jwenn nan, men Ansyen Mond li te transpòte nan tèt li soti an Ewòp. Mond ansyen sa a te fò anpil, li te yon gran pisans. Li te gide e oryante anpil jefò Kolon e yon bon pati rete fikse nan tèt li san anyen pa chanje ladan. Konsa, menm si yo ta gen rezon rive dekri anpil nan yo tankou yo ta fantezis, men li te parèt tèlman evidan pou anpil gwo aktè nan epòk la, li te gen yon gwo enpak sou « reyalite objektif » sitiyasyon nou ap dekri a. Konsa, sa ki evidan ak sa ki fantezis yo tèlman difisil pou distenge mo fantezi a vin pèdi sans nou konnen li genyen e fantezi a kapab vin tounen yon bon bagay, ki bon pou lavi, pou yon bon konpreyansyon reyalite a.  

Kolon bay tèt li dwa sèvi avèk mond li te gen nan tèt li a, peyizaj imajinè li yo, swa pou li atire moun sou li, oubyen li sèvi avèk li pou fè gwo enpresyon sou yo nan pwòp enterè pèsonèl li. Konsa, li ta kapab atire gwo chèf, chevalye, gason ak fanm, pwòp maren ki nan ekipaj li. Pandan li ap jwe mizik sou enstriman li chwazi avèk anpil swen, li ta ka rive chame yo epi rive penetre tout bon lide yo te genyen.