« Destriksyon Navidad la » (Emile Nau (1812-1860)

Yon ekstrè Nau nan liv Histoire des caciques d'Haïti. Nau te yon entelektyèl e politisyen ayisyen. Li te retounen nan peyi a nan moman kote Jean-Pierre Boyer te prezidan. 

Flòt [espànyòl] la antre nan lanmè Lakil la ki te kalm anpil jiskaske yo tonbe sou yon sipriz nan nuit 25 desanm nan. Amiral [Santamarya] a kite pon batiman an pou li repoze. Kòm tout lòt maren yo te ap dòmi, se yon apranti ki te ap dirije batiman an. Nan blòk sa a, dlo a plen resif epi, sou yon distans de (2) mil konsa pa rapò ak lakòt la, yo tande yon gwo bwi nan fon batiman an. Bridsoukou, apranti a santi gouvènay la bloke epi li pouse yon gwo kri. Kouran lanmè a fòse bato a al sou yon blòk sab. Menm kote a, manm lekipay la yo sote, yo kouri sove pase pou yo eseye ekate danje a epi yo pa egzekite lòd amiral la.  Pi devan, bato a panche yon bò, yon pati kòmanse kase. Dlo kouri antre ladan. Yo oblije sove kite bato a. Dlo a anglouti li nèt.


Kòman Kolon te kapab rive mennen nofraje yo retounen? Dayè, Ewopeyen sa yo, ki te rete atè depi nofraj la, te prefere rete nèt. Cham ak bonte lavi endyen yo te tèlman atire yo yo pa te vle separe avèk li.

Plan Kolon se te konstwi yon fò pou Panyòl ki te rezide sou zile a. Li kwè sa te ka rezoud sitiyasyon difisil Panyòl yo. Gwakanagarik, chèf vilaj vwazen pa Kolon an, te apwouve plan sa a. Li te janti. Li te genyen anpil materyo pou konstriksyon an. Yo te sèvi ak debri materyo bato ki te fè nofraj la. Yo rive nan bout travay la; yo konstwi fò a avèk yon gwo antèn. Amiral la batize li Navidad nan memwa jou yo te rive a [25 desanm]. Kolon te mete 39 gason anba kòmandman plizyè ofisye li fè konfyans… Li mande yo pou yo toujou obeyi dirijan yo, respekte yo, koube anba yo epi pou yo fè menm bagay la pou lòt chèf endyen yo. 

Kolon pa te ko repati yo te gen tan bliye konsèy li yo. Panyòl ki te rete nan Navidad la te livre tèt yo nan poze zak kriminèl. Vin pa gen obeyisans ak disiplin nan mitan yo ankò.

Kawonabo, kasik Magwana a ki te kritike Gwakanagarik poutèt li te fasilite esplwatasyon min Sibawo pou satisfè avaris Panyòl yo, te planifye yon konplo kont yo [Panyòl yo] e li te sèmante pou elimine alye yo.

Li mobilize yon bann endyen e yo ale atake Navidad. Yo pa kite pèsonn konprann anyen diran tout tan yo fè ap mache nan mòn ak nan forè yo. Yo anvayi vilaj Gwakanagarik, anvayi fò Navidad la kote yo masakre 11 Panyòl ki te nan fon somèy. Lòt yo mouri nan ensandi dife yo te mete nan kay ki te tou pre fò a. Dife detwi tout lantouray fò a ak antèn nan. 

Destriksyon Navidad la siyale yon lit ki te gen pou mete konkeran Panyòl yo bab pou bab  avèk popilasyon endyen natifnatal yo. Sa te bay Kolon anpil lapenn.

Lè yo kaptire Kawonabo a se te evènman ki te pi enpòtan e ki te fè moun yo anpil plezi nan koloni an. [... Men] feblès pa te dezonore li nan prizon an. Li te ap vante tèt li kòm ènmi Panyòl yo. Li pa te sanble te gen okenn remò, okenn regrè, menm pou destriksyon Navidad la.

Yon bato nan pò Izabèl la te pare pou fè vwal pou Espay; yo te anbake Kawonabo ladan. Yon gwo van tanpèt te koule bato a avèk prizonye wayal la alòske yo te fenk kite lanmè Ayiti a.