Anakawona » (Marie-Agnès Sourieau, Ph.D.)

Sourieau se pwofesè lang ak literati modèn nan Inivèsite Fairfield. Li ko-edite Ecrire en pays assiégé (2004) ak Caribbean Creolization: Reflections on the Cultural Dynamics of Language, Literature, and Identity (1998).

Selon kwonik kolonyal espànyòl la, zile Ayiti, an 1492, te divize an senk wayòm kote nou te jwenn plis pase yon milyon endyen. Kasik Kawonabo (lidè nan kesyon lò) te reye sou wayòm yo te rele Magwana a tandiske madanm li yo te rele Anakawona (ki te sitèlman bèl, atiran e rafine yo te rele li "Flè Lò"), yon powèt ki te mizisyen tou te reye sou Zaragwa.

Lè, an 1500, yo te remèt administrasyon zile Ispanyola bay Nikola de Ovando ki te advèsè Kristòf Kolon, yo te fè popilasyon natifnatal la tounen esklav pou fè gwo travay difisil yo pa te abitye fè, fòse yo peye gwo enpo yo pa te menm gen mwayen pou peye. Nan espas dis (10) lane, endyen yo te sanble gen tan fin mouri, sòf sa ki te ap viv anba otorite Anakawona yo. Yon lòt bò, Panyòl yo pa te rive kontwole wayòm Zaragwa a totalman, menm si yo te oblije peye enpo. Fènanndèz Ovyedo, premye istoryen sou Ispanyola, rakonte ke rèn Anakawona « te janti, li te ka fè yon bon diskou epi li te gen bon mànyè, li te yon zanmi fidèl pou kretyen yo ».

An 1503, pandan li ap chèche lapè, ou pètèt paske Panyòl yo te fè gwo enpresyon sou li, Anakawona te aksepte siyen yon alyans avèk Panyòl yo. Pou manifeste prèv zanmitay yo a, li òganize yon fèt pou gouvènè Ovando avèk tout moun ki te ap evolye bò kote li yo pandan yo te ap prezante « aretòs » (chanson ak powèm naratif nan kilti tayino) rèn nan te konpoze li menm. Yo te sèvi ak tanbouren pou akonpaye aretòs yo.

Yo kaptire Anakawona ansanm avèk tout manm lekipay li yo, tòtire yo avèk anpil britalite anvan yo egzekite yo. Kèk jou apre kapti a, yo pann bèl rèn Zaragwa a devan tout moun nan Sendomeng. Bò kote pa li, Ovando envite Anakawona avèk pèp li a, ansanm avèk tout lame li a nan yon gwo fèt yo te fè nan yon gran jaden. Apre yon siyal Ovando (yo te antann sou sa), li (Ovando) sezi kwa Lòd Kalatrava ki te sou lestomak rèn nan, yo te gen tan ensandye kay kote yo te ap fè reyinyon an e Panyòl yo tonbe bat endyen yo ki tonbe nan pyèj yo a epi yo masakre yo.

Pèsonn p ap janm bliye jenosid sa a ki, piti piti, pral tounen yon metafò pou esplike desten trajik zile a ansanm ak desten Anakawona ki te yon pèsonaj trè enpòtan nan memwa kolektif ayisyen an.