« Flibisye yo » (Robert Taber)

Taber se kandida pou doktora nan Depatman istwa nan Inivèsite Florida. Li ap prepare yon tèz sou blan pòv Sendomeng yo. 

Pandan  konvwa Panyòl yo te ap transpòte (pyès) lajan soti Lahavàn, yon seri maren ak machann ki pale fransè kòmanse debake nan Karayib yo nan mitan ane 1500 yo. Flibisye sa yo (pirat oswa moun ki fofile kò yo nan mitan yo) ki te ap fè komès avèk kolon panyòl yo nan pati lwès zile Ispanyola te konn frekante Panyòl yo. Pou yo mete fen nan komès kontrebann sa a nan premye dizèn lane 1600, gouvènè panyòl nan Sendomeng degèpi fòs kolonyal ki te kantonnen nan pati lwès la pandan yo ale kite yon seri gwo bèf ak kochon.

Nan pwochen dizèn lane ki te vini apre degèpisman an, yon seri mesye ki te soti nan divès ras moun te ap apante pati lwès Ispànyola an gwoup de ou twa, yo te ap chase bèt yo te abandone epi vann vyann yo avèk po yo bay moun ki te ap pase sou kòt la nan bato. Yo te rekonèt yo kòm boukànye paske yo abitye kuit vyann yo sou yon gri sou dife tradisyonèl Tayino yo te konn sèvi, yo mare sosis yo avèk flibisye yo pou atake konvwa panyòl, anglè ak fransè. Yo te konn opere nan Latòti, yon zile ki sitiye nan zòn nò vil ki rele Pòdepè jodi a. Nan mitan ane 1650 yo, Fransè te vin pran kontwòl Latòti e twoup yo pa kite okenn kote pou pèsonn pase pou antre nan pati nò Ispanyola. An 1665, monachi fransè a voye Bètran Dojewon vin travay kòm premye gouvènè ofisyèl nan Latòti e nan Sendomeng. Bètran Dojewon fè tout sa li konnen pou fè flibisye yo avèk boukànye rete fidèl avèk Lafrans epi li rekrite yon seri sèvitè sou kontra pou yo bourike pou flibisye yo nan plantasyon tabak.

Li posib ke Afriken avèk desandan yo te fè pati flibisye ak boukànye yo nan moman degèpisman an antan ke  esklav ki te sove anba men Panyòl e yo te kapab jwenn yon pi bon lòt fason pou yo viv kòm chasè oubyen pirat. Sistèm esklavaj la ogmante nan Sendomeng apati ane 1650 yo nan kòmansman XVIIIèm syèk la. Esklav yo te reprezante yon tyè popilasyon an an 1681. Bon randman sik avèk digo, depi nan ane 1680, te deja alimante kwasans trèt esklav yo nan Sendomeng. Anfen, atak flibisye yo ki te bare pòt antre nan Katajèn ak Jamayik pandan peryòd lagè nèf lane a, jan Chalvwa dekri li a, te vin ogmante kantite esklav nan koloni an pou 50% epi sa te pèmèt yo jwenn rekonesans ofisyèl nan men Panyòl yo pou koloni fransè a. Sa te mennen yo devlope gwo mache sik la apre lane 1700.