« Sik avèk Plantasyon yo » (John D. Garrigus, Ph.D.)

Garrigus se pwofesè asosye nan istwa nan Inivèsite Texas, nan vil Arlington. Li pibliye Before Haiti: Race and Citizenship in French Saint Domingue (2006) e li ko-otè yon lòt liv ki gen tit Assumed Identities: The Meanings of Race in the Atlantic World (2010)

Koloni fransè Matinik ak Gwadloup te vin rantab chak jou pi plis nan domèn sik nan ane 1680 yo, men plantasyon sik Sendomeng yo te kòmanse rantab aprè ane 1700 yo. Nan pi  gwo teritwa sa a, endistri sik la te rive pete plafon: li te rantab anpil. Travayè esklav nan plantasyon yo te mouri anpil: kantite moun ki te ap mouri te depase kantite sa ki te ap fèt. Epitou, nan Ti Antiy yo, plantasyon sik Sendomeng yo pa te fèm twopikal agrikòl, se te yon seri gwo domèn pou fabrikasyon ki te genyen menm karakteristik ak nenpòt ki gran endistri. 

Nan dizwityèm syèk la kann te konn pran douz a dizwit mwa pou yo pouse, grandi, donnen epi bon pou rekòlte. Men, tout tan sa a avèk tout efò sa yo ta kapab pèn pèdi si plantè yo ta mal jere operasyon transfòmasyon kann nan an sik. Plantasyon yo te genyen pwòp aparèy pou moulen kann nan. Yo te konn mache vennkatrè sou vennkat nan peryòd rekòt. Yo te genyen pwòp chodyè pa yo kote travayè vapore ji a nan yon seri kivèt, jan nou kapab wè sa nan desen achitekti sa a yo te fè nan ane 1784.

Lè ji kann nan fin tounen sik, yo anbale li nan yon seri po an ajil epi estoke yo pandan twa semèn pou li kapab degaje tras imidite a. Kontrèman avèk kolon anglè yo ki te gen dwa fabrike sik bren, apre 1763, anpil plantè Sendomeng te rafine sik pa yo a avèk yon ti koulè dore. Sa te mande prèske plis pase 2 fwa kann epi li te vann pi chè. Men tou, li bay plis melas plantè Sendomeng yo te konn vann bay machann ameriken yo, souvan san yo pa respekte lwa fransè yo.

Rive nan ane 1780 yo, Sendomeng te genyen 793 plantasyon kann. Moun ki te ap viv nan peryòd la fè konnen yo chak te bezwen 100 travayè esklav o minimòm pou yo fonksyone. Nan ane 1770 yo, plantè Sendomeng yo te konn peye kapitèn negriye (bato pou transpòte esklav yo) yo 2000 liv fransè pou yon sèl esklav afriken. An Frans, lajan sa a te kapab pran swen yon fanmi ki genyen sis moun pandan yon ane. An 2010, menm montan sa a genyen menm valè avèk 25.000 dola.

Envestisman total ki te nesesè pou konstwi, ekipe epi mete esklav nan yon plantasyon kann nan Sendomeng, se te 700.000 liv, sa ki bay, an 2010, yon valè  de 8 milyon 75 mil dola.