« Koloni ak Metwopòl » (Gene Ogle , Ph.D.)

Ogle se pwofesè asosye nan istwa nan Inivèsite John Cabot nan vil Wòm (Itali). Li se ekspè nan etid Mond atlantik la e li ap ekri yon liv sou ras, vyolans ak lonè nan Sendomeng.

Pandan dènye mwatye dizwityèm syèk la, gras ak devlòpman ekonomi plantasyon li a ki te bay anpil randman, Sendomeng vin tounen koloni franse ki pi rantab epi yon objè tout pisans enperyal ewopeyen ta renmen genyen anba grif yo. Jan tablo ki sou bò goch pi ba a montre,, pandan ane 1780 yo, koloni an te yon gwo espòtatè sik ak kafe an gwo kantite. Li enpòte anpil machandiz franse avèk esklav afriken nan kad trèt negriye a. Selon sa anpil moun panse, pandan tranch dizèn ane sa a, koloni an resevwa de tyè (2/3) nan machandiz fransè vann aletranje epi, yon lòt pa, espòtasyon li pou yon ane te vo ant 150  milyon e 170 milyon liv. Pou ane 1789 kote yo te etabli evalyasyon an, yo te rekonèt valè antre li a 162.994.367 liv. Pou nou byen montre sa, nou kapab presize yon travayè kalifye an Frans te konn touche 500 liv pandan ane 1780 yo. Pandan menm dizèn ane sa a, lè nou konsidere enfòmasyon ki te soti nan blòk atlantik la ki gen pou wè avèk trèt negriye a, koloni an te resevwa anviwon 27,3 % nan esklav afriken yo (192 494 sou yon total 706 400) yo te transpòte atravè Oseyan Atlantik la, alòske genyen ladan yo ki te vini nan kontrebann apati vwayaj Fransè yo pa te òganize, men gwo majorite a se bato negriye fransè yo ki te transpòte yo. Konsa, Sendomeng te prensipal sous pwosperite san rete pou pò fransè yo ki bay sou Atlantik yo tankou Bòdo ak Nant, e endirèkteman prensipal sous ekonomi fransè a.

Kwake  komès kolonyal lye Lafrans ak Sendomeng, relasyon ekonomik ant koloni avèk metwopòl la te kreye gwo dezakò. Se pake, lè yo (plantè) konsidere ris ki genyen nan pwodiksyon danre pou yon seri mache yo pa rive kontwole, ajoute sou nivo envestisman ki mande anpil lajan pou kenbe wo nivo randman plantasyon yo, plantè yo te souvan pran gwo ponya nan men machann ki soti nan metwopòl la (Lafrans). Bò kote pa yo, machann sa yo te konn gen difikilte pou reklame peyman dèt sa yo paske lalwa wayal ki vize fè plantasyon yo toujou rantab pandan lontan te tou senpleman retire dwa yo genyen pou pratike komès sa a. Yon lòt pa, koloni an te konnen yon pwoblèm absans de kèk espès pwodui ki pa te genyen nan komès avèk metwopòl fransè a; se sa gwo pyès panyòl ki sou foto ki sou bò goch la montre trè klèman. Sa ki pi enpòtan ankò, sèke divizyon nan mitan diferan enterè kolonyal yo ak enterè metwopòl yo pou kontwole monopòl komès la, epi pou evite tantativ enpozisyon gwo ponyèt Leta, limite echanj yo avèk komèsan ki pa fransè tou apre yon swadizan liberalizasyon komès esteryè a nan ane 1780 yo.

Diran tout dizwityèm syèk la, kolon yo te eseye konvenk monachi fransè a pou li aboli kesyon monopòl la, men li pa reyisi; pafwa yo te konn pwoteste kont sa e yo te konn menm rive fè rebelyon. Kalite rebelyon sa a fè nou konprann relasyon enperyal la te gen yon lòt karakteristik ki fè yo konsidere anpi fransè a tankou yon monachi san parèy, men pa te genyen okenn otorite politik lejitim nan koloni an ki pou ta konteste politik enperyal metwopòl la.