« Mawon yo » (Jean Fouchard (1912-1990)

Yon ekstrè Jean Fouchard Les marrons de la liberté (1972) A. Faulkner Watts tradui. Fouchard te yon istoryen ayisyen anpil moun konnen. Li te yon jounalis, yon diplomat. Liv li a te ranpòte Gran pri literè Karayib yo. 

Sendomeng te yon moulen kote yo te konn moulen esklav avèk kann ; se te prensipal simityè pou trèt negriye a. Koloni an te ‘devore’ esklav avèk yon vitès moun te mal pou kontwole, kote ni esklav ki pa te janm sispann rive, ni kantite ti moun ki te ap plede fèt pa te kapab sifi.

Kòd nwa [fransè] a te otorize mèt yo pran yon seri pinisyon kont esklav yo. Li pwopoze yon bann sanksyon, pami yo ou menm jwenn lanmò nenpòt esklav ki ta rive frape mèt li oswa yon afranchi, oubyen ki ta fè yon vòl lalwa rekonèt kòm yon gwo vòl. Avèk pwoteksyon politik sa a, yon pwopriyetè esklav yo te rele Sen-Maten l’Arada te otorize tèt li sasinen desan (200) nan esklav li yo. Menm jan an tou, yon lòt pwopriyetè esklav yo te rele Caradeux te konn antere esklav li yo tou vivan. Yon lòt ankò, Garesché, te anchennen yon esklav li pandan vennsenk (25) lane.  [WHY ARE THE NAMES HERE NOT IN CREOLE ?]

Mawon yo, pandan yo te ap itilize tout kalite mwayen atifisyèl te konn sove lajounen tankou nannuit, sou bwafouye, sou do zannimo, apye, sou latè fèm oubyen sou lanmè, poukont yo ou an gwoup. 

Esklav yo te konn sove an gwoup, an fanmi kote ou te kapab jwenn manman ak pitit, mari ak fanm deyò li, oubyen yon fanmi antye, oubyen ankò yon gwoup esklav menm si yo soti nan diferan nasyon an Afrik ki reyini pou yo chape ansanm.

Se te prèske toujou nannuit esklav nan jaden yo avèk travayè nan izin yo te konn sove. Esklav lakay yo, lè yo pa te gen yon metye ki te pèmèt yo libere anba siveyans kòmandè yo te gen posiblite pou yo pran ti rekreyasyon. Konsa, jou li ap pran lafuit la, li touye yon kochon li te ap angrese depi plizyè mwa. Li fè mannèv sa yo yon fason pou yo pa sispèk li. Sa ki te konn li ak ekri yo te konn ekri kèk lèt nan non mèt yo kote yo endike se mèt yo ki voye yo al fè yon konmisyon pou yo.

Mawon yo al ranfòse esklav ki te ap revòlte yo… Anplis… esklav revòlte sa yo vin tounen nouvo mawon yo. Yo pa rete izole nèt, men yo al ogmante bann ki deja egziste tankou Kongo yo, Nago yo ou esklav ki soti nan lòt ras, yo rekonstitiye nan Sendomeng tradisyon afriken bann nèg ki gwoupe tèt yo pou fè lagè daprè orijin tribal yo, sètadi selon etni kote yo te soti a.