« Metis lib yo » (Stewart King, Ph.D.)

King se pwofesè istwa nan Mount Angel Abbey nan Sen Benwa, nan Eta Oregon (Etazini). Li pibliye yon liv ki gen tit Blue Coat or Powdered Wig: Free People of Color in Pre-revolutionary Saint Domingue (2007).

Sendomeng te genyen ant 20 000 et 30 000 moun lib ki se desandan afriken nan ane 1790, lè Revolisyon an te eklate. Kèk nan yo se te yon seri plantè ki rich e ki te posede plizyè santèn esklav. Souvan, moun rich ki pa te blan sa yo se te nwa lib ki te ap viv bò kote paran blan yo, tankou Jilyen Remon (1744-1801) ki te vin manm Asanble nasyonal franse a nan moman Revolisyon an e ki te ede Tousen Louvèti ekri premye Konstitisyon ayisyen an. Ladan yo te gen yon seri moun rich ki te ap viv lavil tankou Àn Wosiyòl (1745?-1825), yon komèsan ki te fèt Gore nan peyi Senegal, ki te vini Sendomeng kòm imigran lib epi ki te ale an Florid apre Revolisyon an. Yon lòt metis, moun lavil, yo te rele Vensan Oje (1750-1790), yon lòt gran komèsan ki te nan tèt soulèvman esklav yo nan kòmansman Revolisyon ayisyen an epi ki te ap reklame menm dwa pou tout nwa yo avèk blan yo.

Majorite nan nwa lib ki te nan klas ouvriye yo se peyizan yo te ye. Anpil nan yo te travay kòm atizan oswa ouvriye nan vil yo kote yo te ap fè yon seri travay blan yo pa te vle fè men yo pa te fè esklav yo konfyans pou yo fè. Gen moun tankou Janbatis Bele (1748?-1806) yo te mennen nan zile Ispanyola nan ane 1750,  li te aprann metye fabrikasyon fo cheve (perik) ki te pèmèt li fè ase lajan pou li achte libète li nan men kolon yo. Li te vin tounen lidè kominote a nan kapital komèsyal koloni an ki te « Kap fransè ». Apre sa, yo te eli li nan Asanble nasyonal fransè a apre Revolisyon an. Lòt ankò te genyen ti fèm agrikòl yo oubyen rannch yo nan katye ki pa twò lwen sant komèsyal la, pafwa yo te menm gen esklav ki te ap travay patikilyèman nan pwodiksyon danre alimantè. Yon gwo pati nan manje yo te konn konsome nan gran plantasyon yo ak nan vil yo te soti nan domèn kote yo kiltive viv oubyen nan jaden yo te kiltive nan blòk marekay yo kote pi fò nan domèn agrikòl sa yo se nwa lib ki te ap esplwate yo.

Youn nan kontribisyon ki pi enpòtan nwa lib yo te pote nan koloni an se te sèvis yo te konn bay nan lame kolonyal la. Anviwon de tyè (2/3) nan diferan inite milis Sendomeng lan se te solda nwa ki te konpoze li. Se konsa sa te ye tou nan ansanm marechose a, nan polis riral la, nan inite ki te responsab pou chase esklav ki te sove yo. Nan kòmansman Revolisyon an, fòmasyon militè te jwe yon gran wòl : kèk nan chèf militè yo se te rebèl ki soti nan kan nwa lib yo (anvan lagè a) ki te vin sèvi nan fòs lame pou defann koloni an.