« Lit pou egalite » (Sibylle Fischer, Ph.D.)

Fischer se pwofesè asosye nan nan Depatman lang ak literati espanyòl ak pòtigè nan Inivèsite Nouyòk. Li pibliye yon liv ki titre Modernity Disavowed: Haiti and the Cultures of Slavery in the Age of Revolution (2004).

26 dawou 1789, Asanble nasyonal la adopte a Pari Deklarasyon dwa moun avèk Sitwayen yo. Premye atik la fè nou konnen « tout moun fèt lib e egalego nan sa ki konsène dwa yo ». Malgre rigè li, sans avèk vize atik sa a pa te parèt klè jan nou ta kapab kwè sa. Èske li te dirije kont esklavaj? Èske li te yon garanti pou egalite dwa tout sitwayen san yo pa gade sou koulè po yo? Èske yo te dwe aplike tou nan koloni fransè kote majorite nan moun ki te ap viv yo te ap reklame libète anba chenn esklavaj oubyen egalite politik nan sa ki konsène dwa yo genyen? Devan kesyon sa yo, Asanble a te ap pale anpil an Frans. Yo te dwe tann twa lane pou moun nwa yo jwenn egalite dwa yo. Esklavaj la pral aboli jis le 4 fevriye 1794. Yo te finalman rive adopte lwa sou endepandans lan, lè esklav yo vin pran sitiyasyon an an men.

Lit pou egalite metis lib yo te ap mennen an te kòmanse plizyè lane anvan deklarasyon 1789 la e sa pa te anglobe pozisyon anti-esklavajis yo. Nan finisman dizwityèm syèk la, Sendomeng te tounen yon espas kote yon gwo kantite nwa lib te ap viv. Ladan yo nou te jwenn yon ti gwoup pwopriyetè esklav avèk yon seri gran plantasyon. Menm si Kòd nwa yo te siyen an 1685 lan te tabli yon kad jiridik (kad legal) ki favorize dominasyon rasyal ki fonde sistèm esklavaj la nan plantasyon yo, li te endike tou, nan sèten ka, nwa lib yo te dwe genyen menm dwa avèk blan yo. Estati nwa lib yo te jwenn anpil presyon nan ane 1760 yo, lè yo te vin pran yon seri nouvèl lwa ki limite posiblite travay yo te genyen, sa te limite mòd patisipasyon yo tou nan lavi politik e menm dwa pou yo itilize tit onorifik avèk non fransè yo te genyen. Kèlkeswa lwa yo, yo pa te janm aplike yo kòmsadwa, yo te vize divize sosyete kreyòl la selon ras desandans moun yo. Nouvo lwa sa yo te jwenn anpil rezistans nan Sendomeng. Nan mitan ane 1780 yo, Jilyen Remon, yon plantè nwa Sendomeng, te ale an Frans pou plede kòz nwa lib yo. Malgre premye rapò Remon yo te prezante nwa yo tankou garan pou establite sistèm eksklavajis la epi yo pa genyen okenn agiman ki kont esklavaj la, li te jwenn gwo opozisyon bò kote plantè vil Pari yo avèk yon asanble ki pa te dispoze pou pale klèman sou kesyon rasyal oubyen reprezantasyon politik nwa lib yo. Echèk Remon an, ki pa te jwenn okenn rezilta konkrè nan rankont Pari a, te fristre Vensan Oje, yon lòt nwa lib ki te patisipe nan lit Revolisyon an nan vil Pari, ki te deside pran zam li. An oktòb 1790, li retounen nan Sendomeng kote li lanse yon mouvman rebelyon. Menm si Oje pa te soulve esklav yo pou koz pèsonèl pa li epi li pa te reklame abolisyon esklavaj la, yo te kraze rebelyon an avèk pi gwo britalite ki egziste. Yo te sasinen Oje sou plas piblik lavil Okap la.

Mèm si li te echwe, rebelyon Oje a genyen yon gwo enpak. Nan koloni an, lit ant blan avèk popilasyon nwa lib yo te rive nan yon nivo vyolans yo pa te janm konnen anvan sa. A Pari, Asanble a te ap fè gwo deba sou kesyon kolonyal yo pou konnen si yo te dwe ajoute lòt mezi oswa si yo te dwe retire kèk nan mezi yo te deja pran epi li te vin jete gwo tansyon ki te deja egziste nan mitan popilasyon Sendomeng nan. Yo pran prèske yon lane pou adopte lwa 4 avril 1792 la ki te vin bay nwa lib yo menm dwa (egalite). Men, soulèvman jeneral esklav yo te fè nan lannuit 22-23 dawou 1791 lan te deja chanje anje lit la yo.