« Ayisyen nan Revolisyon ameriken an » (Chrislaine Pamphile Miller)

Miller kandida pou doktora nan Depatman istwa nan Inivèsite California, Santa Cruz.

Lè dezyèm Kongrè Kontinantal la avèk delege wa Lwi XVI yo siyen Alyans franko-ameriken an, Fransè yo asepte ede rebèl ameriken yo konbat Anglè yo ansanm avèk twoup wayal yo pou endepandans yo sou kontinan nò-ameriken an. An jiyè 1779, ansyen gouvènè Sendomeng nan, Charles-Henri, comte d'Estaing, ki te an menm tan jeneral e vis-amiral fòs naval Lafrans, vwayaje Sendomeng pou li anwole volontè pou yon kanpay kont Anglè yo nan fon lanmè nan lakòt Jòji. Pami volontè yo te rekrite yo, nou jwenn yon seri revolisyonè nwa lib trè koni ki te rejwenn chasè volontè yo (ki te fè pati enfantri leje benevòl yo), ladan yo Andre Rigo, Janbatis Chavàn, Janbatis Vilat, Janpyè Lanbè, et Lwijak Bovè e Anri Kristòf ki te gen 12 an sèlman epi ki pral vin prezidan nan rejyon Nò peyi d Ayiti. [WHY NAME NOT TRANSLATED IN CREOLE ?}

Asyejman Savana a pa te yon bon bagay pou enfantri a ki te yon alye fòs kolonyal yo, men gen kèk istoryen ki kwè kèk divizyon nan fòs lame franse yo te rive rete debou gras ak bravte e disiplin volontè nwa lib yo. Kòm manke resous dokimantè nan dizwityèm syèk sou benevòl nwa lib yo, istoryen yo pa konnen ki wòl espesifik endividyèl yo te jwe nan atak Savana a. Selon dosye militè fransè yo sou batay sa a, benevòl nwa te gen misyon pou ravitaye twoup alye yo sou teren batay la. 

Lè yo retounen nan koloni an, malgre estati lib yo te genyen oubyen menm si yo te pwopriyetè esklav, nwa lib yo pa te genyen menm dwa avèk blan yo kèlkeswa estati sila yo te genyen. Li posib pou lè yo retounen nan Sendomeng yo te vini avèk yon seri esperyans militè yo te pran bò kote blan yo ki te ba yo yon konsyans ki pi fò toujou sou dwa pou egalite avèk libète yo. Pandan yo te ap chèche demantibile lalwa ki baze sou diskriminasyon kont nwa lib yo, yo te kwè ideyal Revovolisyon ameriken yo te transfòme twoup moun nwa lib ki te patisipe nan konba Savana yo, yo kwè ideyal sa yo te manifeste nan konbinezon yo te anvizaje pou lagè trèz lane a pou egalite nwa yo, pou libète e pi devan pou endepandans yo nan men Lafrans pou fè Ayiti vini yon nouvo peyi.  

An 1899, Theophilus G. Steward, yon Afwo-Ameriken ki te pè legliz nan lame ameriken te pibliye youn nan premye atik sou nwa lib benevòl nan peyi Etazini. Plis pase senkant an apre, istoryen ayisyen Alfred Nemours ekri yon istwa konplè sou nwa lib ki te benevòl an Ayiti ak nan Lagè pou Endepandans Etazini (Pòtoprens, 1952). De (2) piblikasyon sa yo montre enpòtans ekriven ayisyen ak Afwo-Ameriken yo ki montre te genyen bon kalite rapò diplomatik ak sosyal ki te egziste depi trè lontan ant Ayiti avèk Etazini.