« Revolisyon an kòmanse » (Carolyn Fick, Ph.D.)

Fick se Pwofesè asosye nan istwa nan Inivèsité Concordia nan Monreal, Kanada. Li ekri The Making Of Haiti: The Saint Domingue Revolution from Below (1990).

Nan lannuit ki te 14 dawout, nan lane 1791, yon dimanch, anviron 200 chèf esklav ki te soti nan tout plantasyon yo nan plèn nan nò Sendomeng yo (esklav ki te responsab kawòs, siveyan esklav, domestik ak anpil lòt moun plantè yo te fè konfyans) te rakontre nan pye yon mòn ki gen anpil pyebwa yo rele Mòn Wouj, tou pre gwo domèn sik Lenòman de Mizi, nan komin Plèndinò; esklav yo te la pou diskite sou devlopman politik yo te ap asiste nan koloni an, fè dènye plan yo epi fikse yon dat pourevòl , sa ki ta pral fèt nan lannuit 22 dawout.

Sepandan, avan tout bagay deklannche, byen petèt nan lannuit 21 dawout, yon dimanch ankò, yo fè gran seremoni vodou bwa Kayiman an pou konsakre desizyon pou revòl, epi mande bondye yo pwoteksyon nan revolisyon an. Se tout sa nou konnen dapre youn oubyen de souskontanporen.  Sepandan, gen anpil diskisyon, jounen jodi a, sou pozisyònman egzat forè sa a ki nan Plèndinò, nan pati nò Ayiti, yon espas, daprè sa yo di, ki tou pre plantasyon Lenòman an, gen diskisyon tou sou wòl Boukmann te jwe nan seremoni an, yon esklav ki te responsab kawòs nan abitasyon Kleman, tou pre komin Lakil, kote li te lanse rebelyon an nan lannuit 22 dawout la.

Dapre sa yo di nan tradisyon oral ayisyen, Boukmann te kanpe nan mitan seremoni an pou li fè yon diskou, pou li ankouraje patisipan yo jete dye blan yo, ki ap chèche fè yo soufri sèlman, epi rete kole ak pwòp kwayans afriken yo. Dye pa yo a ap gide men yo epi ede yo nan lagè ki pral rive a: se pou yo « tande vwa libète ki ap pale nan kè nou tout ». Kit se te vrèman sa Boukmann te di, kit se pa te sa, sa pa pi enpòtan pase sa a; sa ki enpòtan se lefè ke diskou Boukmann nan te montre kwayans yo genyen depi Lafrik sou relijyon yo pi enpòtan e pi bon, se te yon envitason  pou yo pran zam epi vanje yo. Yon manbo, yon gwo prèt vodou te dirije seremoni an, yo te sakrifye yon gwo kochon nwa, sa ki raple anpil rityèl peyi Kongo. Yo te sikile san kochon an pou tout moun bwè, sa ki te angaje moun ki asepte bwè li yo nan yon anjandreman ki chita sou san ki mande anpil sekrè, solidarite epi yon ve revanj. Lannuit ki te vin apre a, soulèvman an te eklate byen laj.

Nan mwa novanm, twa mwa apre kòmansman rebelyon an, Boukmann te pèdi lavi li nan yon batay, de lòt lidè esklav, Janfranswa avèk Byasou te pran larelèv alatèt fòs rebèl yo, tou de te fè non yo kòm fijitif lavèy soulèvman an. Janfranswa te pran responsablite grad gran Jeneral, li te gen Byasou kòm dezyèm kòmandan, epi Tousen Louvèti kòm doktè lame nwa a.