« Envazyon Anglè yo » (David Patrick Geggus, Ph.D)  

Geggus se pwofesè istwa nan inivèsite Florida. Li ekri anpil liv sou revolisyon Ayiti a, tankou: Slavery, War and Revolution: The British Occupation of Saint Domingue, 1793-1798 (1982) ak Haitian Revolutionary Studies (2002).

Lè Repiblik fransè a te deklare Angletè lagè, nan lane 1793, Anglè yo te wè yon bon opòtinite pou sezi koloni ki te pi rich nan Karayib la epi ajoute li nan anpi yo a. Pandan senk lane, jis septanm 1798, twoup anglè yo te okipe anpil kote nan pati lwès Sendomeng ak pwent prèskil ki nan zòn Jeremi an. Gwoup gran plantè yo, te byen resevwa anvayisè yo, kòm pwotektè yo fas a revolisyon esklav ki te ap ravaje nò a, mete sou sa tou milat ki te rich yo, wayalis konsèvatè yo ak liberal ki te patizan anglè yo. 20 000 solda anglè konsa ak yon milye mèsenè alman te sèvi nan koloni an; swasant pousan nan yo mouri la, nan mwens pase de-twa mwa apre debakman yo e souvan akoz lafyèv jón. Kontrèman ak espedisyon Leklè a ke Napoleyon te voye a, yo te rive tikras pa tikras e raman nan sezon ki pa te gen maladi. Pou konpanse sa, Anglè yo te rekrite pou pi piti 7 000 esklav kòm solda, yon modèl yo pa te pran tan pou adopte lòt kote. Poutan, ansanm avèk milis lokal la, yo te ka fè ti pwogrè fas a fòs Andre Rigo ak Tousen Louvèti yo. Nan mitan lane 1796 gouvènman an te rekonèt li pa kapab genyen men li te kenbe pandan 2 lane ankò san lache, paske yo te pè enpak abandon yo te ka genyen sou esklav yo nan koloni anglè yo. Nan Jeremi avèk Akayè, esklavaj la te kontinye kòmsadwa men nan rès zòn yo te okipe yo, rejim plantasyon an te pliye nan mitan yon gè pou pozisyon ak anbiskad. Okipasyon an te koute yo anpil e sa te vin pi mal akoz gaspiyaj ak koripsyon, finalman sa yo te fòse gouvènman an kite sa. Gwo enpak sa te genyen sou revolisyon Ayiti a se te divizyon, jewografik ak politik moun milat lib yo epi amelyorasyon sou plan militè ansyen esklav yo ki te monte an pisans.

Pwoklamasyon nou montre la a, se Tousen ki te pibliye li apre li te fin negosye pou anglè yo kite peyi a. Li pwomèt pwotekyon pou tout kolon ki te kolabore ak anglè yo sizoka yo ta vle rete Sendomeng. Ladan li, Tousen te ale pi lwen pase senpleman yon gouvènè koloni an, paske emigrasyon nan teritwa ènmi an se te yon gwo ofans pou sitwayen fransè yo. Zak otonomi sa a te montre Tousen pa te gen yon vizyon rasis pou Sendomeng. Sa te montre tou jan li se yon bon moun, men tou se te yon fason pou genyen plis otaj ki ka sèvi pou fè Lafrans abandone lòt tantativ pou ranvèse li.

Kat Pòtoprens sa a Fransè yo te fè a, se Billiot Jeune ki te desine li, li te fèt jis apre Anglè yo te kite zile a. Li montre tout travay defans anvayisè yo te konstwi, san bliye Fò Nasyonal ki toujou egziste alèkile, menm jan ak non ri yo ki gen pou wè ak lakoloni ak revolisyon an tou. 

Caption Image 1
Anglè yo pran Pò-Repibliken, yo te pral vin rele Pòtoprens, nan lane 1794. Nan The Saint Domingue Manuscrit Collection (reel 4).  SOUS ► Bibliyotèk George A. Smathers nan University of Florida

Caption Image 2
Pwoklamasyon Tousen Louvèti fè parèt li sou Mòlsennikola kote Anglè yo te bay legen nan lane 1798. Nan the Saint Domingue Manuscript Collection. SOUS ► Bibliyotèk George A. Smathers nan University of Florida.