« Pwoklamasyon Sonntonaks la » (Nick Nesbitt  Ph.D.)

Nesbitt se pwofesè nan Princeton University. Li se otè Universal Emancipation: The Haitian Revolution and the Radical Enlightenment (2008) avèk Voicing Memory: History and subjectivty in French Caribbean Literature (2003).

Leje-Felis Sonntonaks rive Sendomeng jou ki te 20 septanm 1792 a, avèk lòd gouvènman revolisyonè Lafrans lan pou aplike dekrè 4 avril la ki te bay tout moun nwa yo foul dwa sivil ak politik. Sonntonaks, pou epòk la, te kareman gen tan mande  abolisyon esklavaj la nan jounal revolisyonè Révolutions nan Pari an 1790-91. Dekrè pou aboli esklavaj an 1793 la te gen tan nan yon tèks san siyati Sonntonaks ekri jou ki te 25 septanm 1790, kote li te ekri: « Li vrèman esansyèl pou nou bay legen devan lavalas sa a ki ap pote ansyen move tretman yo ale kanmenm. Wi mwen ka predi avèk konfyans gen yon jou ki ap vini, e jou a pa lwen rive, lè nou va wè yon Afriken avèk cheve boukle vin patisipe nan lejislasyon asanble nasyonal nou yo avèk vèti epi bon sans li kòm sèl dwa li ».

Poutan, lè Sonntonaks ak komisè Etyèn Pòlverèl rive Sendomeng, gouvènman fransè a pa te ba yo pyès manda pou yo elimine esklavaj ni pou yo te prese pase sou silans sa ki te vle fè kwè lekontrè, yo te pwomèt yo ap kenbe esklavaj, epi kraze rebelyon esklav yo ki te kòmanse yon lane avan an. Nan mwa ki te vin apre yo, komisè yo te kanpe san rete kont soupson ak rezistans gran plantè blan yo nan sa ki te gen rapò ak ogmantasyon dwa nwa ki lib yo, e nan mwa desanm 1792, pou yo te fè fas kare avèk rezistans sa a, yo te kòmase ankouraje fòmasyon milis milat lib, milis Komisè yo te itilize pou atake esklav rebèl yo apre janvye 1793.

Kòm yo pa te kapab monte yon kanpay kont ansyen esklav yo, nan jou ki te 5 me 1793, yo te pase yon dekrè ki te remete kòd nwa a sou pye. Li pa te gen bon repitayson pou fason li te fè respekte sa ki di ladan yo, ki pa te bay esklav yo twòp pwoteksyon devan vye abi mèt yo te ka fè yo. Nan moman yo te fè yon pa  fondamantal, yo te tradui tèks kòd la nan lang kreyòl, konsa esklav yo ta ka konnen egzakteman ki mezi pwoteksyon li ba yo.

Kontèks imedya dekrè emansipasyon 1793 la se te lit Pòlverèl, Sonntonaks ak nouvo gouvènè koloni an, jeneral Franswa-Toma Galbo. Jou ki te 20 jen an, Galbo te dirije yon gwoup maren nan yon aso kont lavil Kap-fransè, yo te ap eseye ranvèse pouvwa komisè yo; men kòmisè yo ak nwa lib ki te ap sipòte yo, paske te gen yon dekrè nan dat 20 jen an ki te pwomèt afranchi esklav gason ki granmoun yo a kondisyon yo batay kont rebelyon Galbo a, te kraze atak la ki te mal òganize e mal dirije. Nan anpil konfizyon ak yon kantite 3 000 mò konsa, revolisyon an te kaba. Men bèl vil kolonyal la li menm te boule ra pye tè.

Afranchisman limite epi byen espesifik 20 jen an pa te rive fè rebèl yo soti nan vil Kap-fransè nan avantaj Fransè yo. Konsa, jou ki te 11 jiyè a, komisè yo te ouvè dekrè afranchisman yo a pou mete madanm ak pitit gason ki asepte antre nan lame yo a nan moun ki lib yo, e le 24 dawout,
15 000 te vote pou afranchisman an nan nò. Finalman, le 29 dawout 1793, Sonntonaks te wè sèl sa ki te ka fè nwa yo al jwenn koz Repiblik fransè a byen rapid se libète san distenksyon. Menm si desizyon an te nouvo epi radikal, Sonntonaks te kanmenm chèche prezève fonksyonman sistèm plantasyon an, li te mete ansanm ak dekrè a yon seri travay ki te mare ansyen esklav yo ak yon sistèm travay fòse. Yo te tradui deklarasyon an nan lang kreyòl epi poste li sou tout zile a.  Gwosè franchisman sa a pa te gen parèy nan listwa, li te fèt nan koloni ki te ge plis pwofi nan dizwityèm syèk la, yo te aplike li sou kèk milyon dyaspora afriken, li te ba yo libète men tou li te ba yo sitwayènte ki san rezèv san moun pa gade sou koulè po yo, nan sa ki te pi gwo demokrasi egalitè moun pa ko janm wè sou latè.

Menm apre sa, rebèl yo te refize ale jwenn Fransè yo, yo te konnen dekrè sa a te konsène sèlman yon gwoup san akò Pari a, e Tousen Louvèti ak twoup li yo ta pral kenbe jiskaske yo pwoklame dekrè abolisyon esklavaj la sou zile a le 4 fevriye 1794.

Caption Image 1
Yon Pwoklamasyon Sonntonaks (1793). SOUS ► Achiv nasyonal d Ayiti.

Caption Image 2
Yon lèt Sonntonaks te voye bay Bovè, yon jeneral ayisyen. SOUS ► Bibliyotèk George A. Smathers nan University of Florida