« Ayiti nan mond  Atlantik Espànyòl  yo » (Jane Landers, Ph.D.)

Landers se responsab chè ansèyman Gertrude Conaway Vanderbilt Istwa nan Inivèsite Vanderbilt. Li se otè : Atlantic Creoles in the Age of Revolutions (2010) ak Black Society in Spanish Florida (1999).

Nan mwa novanm 1793 twa lidè ki pi enpòtan nan revolisyon Sendomeng nan, Jòj Byasou, Jan Franswa, ak Tousen Louvèti te mare zanmi ak Espay e yo te òganize yo kòm oksilyè wa Carlos IV. Yo chak te resevwa meday lò, pote menm rad ak wa a, ak dokiman ki te esprime apresyasyon ak konfyans gouvènman espànyòl  la.

Poutan, lè Asanble fransè a te resi aboli esklavaj la, Tousen te abandone Espànyòl yo epi nan mwa me 1794 li te al ofri Fransè yo lwayote li ak sèvis li. Jòj Byasou ak Jan Franswa te rete lwayal avèk Espay, men nan lane 1795, Espay ansanm ak dirijan fransè yo te siyen yon trete lapè, kote Espay te dakò kite pati lwès Ispanyola pou Fransè yo, epi asepte revoke tout Nwa ki te ap ede yo.

Nan mwa desanm 1795, Jòj Byasou te menmen moun ki te ap suiv li yo Sent-Ogistin, nan Florida kote yo te rekonèt li kòm jeneral milis nwa Florida a. Li te defann koloni espànyòl sa a kont atak Seminole yo, yon pèp endyen. Jan Franswa te mennen yon gwo gwoup Cádiz, epi nan pita li ta pral batay pou Espay nan vil Orán. Ti gwoup esklav egzile yo te mete vwal pou Panama, Gwatemala, ak Youkatann, kote yo te kontinye sèvi Espay kòm milisyen nwa.

Ak esperyans yo te pran bò kote plantè fransè yo, twoup fransè ak anglè, epi pwòp konpatriyòt yo; ak bon konesans yo te genyen sou nosyon danjere tankou libète, egalite, ak fratènite, malgre yo te anba yon retorik monachi, mesye sa yo te fè moun pè toupatou nan monn atlantik la. Jòj Byasou mouri Florida nan lane 1801, kote apre yon gran antèman , pè nan pawas la te kenbe non li kòm « lidè politik ki gen anpil renome, wayalis Nwa Sendomeng yo ». Kay kote li te rete nan Sent-Ogistin nan, nan Florida gen ladan li alèkile yon jalon  (pikèt) istorik.