« Tousen Louvèti: Moun nan, Mit la » (Gabriel Debien, Jean Fouchard, ak Marie Antoinette Menier).

Yon ekstrè nan Toussaint Louverture avant 1789, yon atik nan revi Conjonction (1977). Debien, Fouchard, ak Menier se istoryen ki gen renome.

Sa [istoryen] Antoine Métral ak Gragnon Lacoste rakonte sou lavi Tousen avan revolisyon Sen-domeng nan pa plis ke  lejann. Métral di Tousen Louvèti te aprann fransè, laten, ak yon ti kras jewometri nan men yon nèg ki te aprann nan men yon mwàn. Avèk plis presizyon, Gragnon Lacoste di mwàn nan se te yon jezuit. Li ajoute ke Tousen Louvèti aprann istwa Lèzenn nan men Abe Raynal. Anverite, youn nan sa yo pa mache ak sa Izaak  Louvèti (pitit Tousen) di nan memwa li ak nòt li yo li pale yon ti kras de papa li avan 1789.

Anpil moun kwè Tousen Louvèti pa te esklav plantasyon paske non li pa te nan lis esklav yo te anrejistre nan lane 1785 nan de plantsyon sik Breda yo nan zòn Wodikap ak Plèndinò [tou pre kote Tousen te rete]. Te gen yon Tousen nan plantasyon Wodikap la, men se te yon kreyòl e li te gen 31 nan . Te gen yon lòt Tousen nan Plèndinò, men se te yon Nago e li te gen 41 nan . Tousen Breda [Tousen nou tout konnen an] se te yon kreyòl e nan moman sa li pa te lwen 50 tan.

Nou ka sèlman tire konklizyon ke Tousen Louvèti li te libde plantasyon an nan moman an. Se swa sa [oubyen mèt plantayson an te pèmèt li kite plantasyon an pou li travay]. Men esklav ki pa te nan travay plantasyon an nòmalman te toujou gen non yo nan lis esklav yo. Dokiman ki vin apre a te desizif. Yo te dekouvri li nan rejis batèm, maryaj, ak antèman yo te kenbe ant 1778 ak 1779 nan pawas o Bòy la. Se sèl dokiman ki te rete. Li di konsa « apre twa deklarasyon fin fèt nan mesaj pawas la, twa dimanch youn dèyè lòt san pyès opozisyon ni sivil ni legliz, nan jou mèkredi ki 3 septanm 1777 mwen beni maryaj Tousen Breda, yon nwa lib ki ap viv o Bòy nan tout dwa li, ak Agat yon nègès mesye Bèje-Laplant te vann... se la nou konnen Tousen Breda te lib an 1776 epi li te posede omwen yon esklav li te libere.