« Tousen  tou pisan » (Laurent Dubois, Ph.D.)

Dubois se Pwofesè istwa ak etid fransè nan Duke University. Li ekri anpil travay tankou: A Colony of Citizens: Revolution and Slave Emancipation in the French Caribbean (2006) ak Avengers of the New World (2004).

Nan mitan lane 1794, lè li aprann konvansyon nasyonal Pari a te aboli esklavaj nan tout Lafrans, Tousen te pran yon gwo desizyon: li te ap soti kò li kote Espànyòl yo, pou li ale batay pito pou Repiblik fransè a. Li te vini avèk yon bon kantite solda nan twoup li a, epi, san pèdi tan, li te mete ansyen alye espànyòl li yo an dewout nan plizyè zòn estratejik nan nò Sendomeng.

Kòm li te rekonnèt enpòtans politik ak militè Tousen, jeneral Etyèn Lavo - reprezantan defakto Lafrans nan koloni an - te bay Tousen Louvèti sipò li epi li te nome li jeneral an chèf epi Gouvènè jeneral Sendomeng. Li te òganize operasyon militè fransè yo sou zile a, batay kont Anglè yo ak Espànyòl yo, epi li te fè pozisyon Repiblik la parèt avèk siksè, epi anile piti piti pwofi lòt de pisans etranje yo te gen tan fè.

Men Tousen te eritye yon pakèt defi politik ak ekonomik, sa ki te pi ijan epi pi difisil pou jere se te kesyon tranzisyon soti nan esklav tonbe nan kòve gratis. Kòm sa te deja la depi nan dekrè 1793 Pòlverèl ak Sonntonaks la, Tousen pral vin mete yon sistèm sou pye kote yo te mande ansyen esklav yo rete nan plantasyon an tankou kiltivatè, yo te ap peye yo ak yon ka nan tout sa plantasyon yo a te pwodui. Li pa te pran pyès altènativ pou pran pwodiksyon plantasyon yo an konsiderasyon, li te kwè nan bay sa ki nesesè pou sipòte batay militè pou afranchisman ki te genyen alepòk, li te kwè ke li te  enpòtan pou pwouve tout moun ke koloni yo ka pi pwofitab san esklavaj, sèl fason pou kenbe libète nan Sendomeng se defini kontni li yo. Poutan, anpil ansyen esklav , te gen lòt lide sou sans libète ta dwe genyen, e yo te alafwa kase tèt tounen byen dousman epi konteste kareman politik plantasyon Tousen an.