« Afranchisman nan Sendomeng » (Anne Eller, Ph.D)

Eller se pwofesè asistan nan istwa, nan Inivèsite Connecticut. Rechèch li yo fèt sou Ayiti ak Repiblik dominikèn.

Abolisyon esklavaj nan Sendomeng vin reyèl an 1822. Se te yon pwosesis pi long pase sa nou ta ka konsidere kòm majinalite enstitisyon yo te ka pèmèt yo predi. Yon koloni pòv, espesyalman an rapò ak gwo plantasyon ki te sou kote yo, popilasyon Sendomeng nan, malgre sa, te fè yon remonte nan dènye pati lane 1700 yo. Kèk kolon (ki te vann byen yo nan lwès) ki posede gwo ranch betay te swete kareman remete esklavaj nan lès zile a, pi espesyalman ak lide Antono Sánchez Valverde te genyen an 1785 sou valè Sendomeng genyen. Men olye de sa, kominote mawon nan mòn yo ak vil ki lib yo (tankou San Lorenzo de los Mina) te kontinye bay esklav refij: gason kou fanm ki fèk soti nan plantasyon lwès yo.

Kòm batay te eklate nan Sendomeng (ki ap vin Ayiti nan pita) nan finisman lete 1791, anpil istoryen rapòte ant 12 000 e 14 000 moun konsa te esklav nan Sendomeng, malgre gen kèk istoryen ki estime li te plis. Teritwa espànyòl nan lwès yo te mangonmen nan konfli; otorite yo te rekrite kòmandan ak batayon bò kote swadizan oksilyè nwa yo. E teritwa a li menm te tonbe nan lit revolisyonè (sa ki pi selèb la se yon revòl nan moulen kann Boca de Nigua a nan lane 1796).

Lè nan lane 1795 teritwa a pral vin nan men Fransè yo, dapre yon pati nan trete Bazèl la, tout sitwayen te dwe jwenn libète dapre dekrè revolisyonè a 2 lane avan sa a. Men kèk kondisyon lokal kawotik (ajoute sou limit ki te genyen sou deplasman mèt esklav ki te Sendomeng yo pou ale nan pati lès zile a) ak kèk retranchman politik nan peyi Lafrans te retade abolisyon esklavaj la nèt ale. Rive Tousen an ak dekrè abolisyon esklavaj la nan vil ki te kapital Santo-Domingo nan lane 1801 an rete nan listwa kòm premye abolisyon esklavaj ofisyèl, men revandikasyon napoleyon yo te chèche vire afranchisman sa a. Kòmandan fransè yo (espesyalman, jeneral Janlwi Feran) te chèche remete esklavaj nan lès zile a nan sis lane ki te vin apre yo, yo te menm dakò pou yo kenbe epi vann jèn timoun ki soti Ayiti ki te fèk endepandan.

Apre yo te fin pouse do Fransè yo nan batay 1808-9 ki te pèmèt Espànyòl yo repran teritwa a, koloni an te pou Espànyòl yo ankò, san pyès siy abolisyon esklavaj. Pou tout ajitasyon nan epòk la - pakèt konspirasyon diferan, yon popilasyon redui, ak atansyon metwopòl la - pwoklamasyon ofisyèl abolisyon esklavaj pa ta pral parèt nan lès zile a avan 1822. Pandan 22 lane apre yo, ansyen koloni espànyòl la te fè yon sèl ofisyèlman ak Repiblik d Ayiti, sa ki te mete yon fen nan esklavaj la nèt sou teritwa sa a.

Klima difisil Karayib la nan mitan disetyèm ak dizwityèm syèk la, souvni esklavaj la kite zou zile a menm te montre afranchisman ak sitwayènte te toujou rete gwo pwen nan diskou politik ak aktivis popilè anpil tan apre 1822. Pa egzanp, reafimasyon abolisyon esklavaj la se te youn nan premye atik konstitisyon Repiblik dominikèn nan apre separasyon an an 1844. Dènye fwa yon pouvwa esklavajis te vin bay sitwayen zile a pwoblèm dirèkteman se te lè Espay te vle rekòmanse okipe pati lès la soti 1861 pou rive 1865, yon entansyon yon gwo rebelyon popilè te voye jete, ak sipò ki te soti nan lwès, ak bò kote yon pakèt rezo nan zile ki pa twò lwen yo ki te bay sipò yo.