« Espedisyon Leklè a » (Charles Forsdick, Ph.D.)

Forsdick se responsab chè James Barrow pwofesè Fransè nan inivèsite Liverpool. Li ekri e edite anpil liv tankou : Victor Segalen and the Aesthetics of Diversity: Journeys between Cultures (2001) ak Postcolonial Thought in the French-Speaking World (2009).

Nan finisman ane 1790 yo, yon ti estabilite ki te genyen nan Sendomeng te pèmèt Tousen Louvèti pran yon seri de mezi pou pèmèt ekonomi plantasyon an rekanpe, avèk yon pakèt ansyen esklav ki te transfòme an kilvatè ki pa te fin twò lib pase sa. Menm lè li te parèt enpopilè, menm lè yo te konbat li anpil nan yon seri revòl, sistèm plantasyon yo te ap remete sou pye te vin pi solid apre konstitisyon 1801 Tousen an. Nan konstitisyon sa a, pwouvwa Tousen te ogmante, li te vin gouvènè avi. Aprè koudeta 18 brimè (1799) a, Napoleyon Bonapat te chavire opozisyon an epi nome tèt li Premye Konsil, e nan kontèks chanjman sa yo li te entèprete grad Tousen te pran an kòm yon atak pèsonèl dirèk pou pwòp otorite politik pa li.

Kòm Ewòp te retounen an pè pou yon ti tan (yo ta pral siyen trete Amiens an nan mwa mas 1802), yon pòsyon nan lame Lafrans lan te pare pou yon misyon nan Atlantik la pou jete Tousen epi retounen ansyen rejim kolonyal nan Sendomeng nan. Sou kòmann jeneral Chal Viktò-Emanyèl Leklè (alye ak bò frè Napoleyon), yon espedisyon militè ki te genyen 20 000 twoup (mete ladan plizyè opozan politik Tousen, menm pitit li ki te lekòl an Frans te ladan li tou) te kite pò Atlantik Lafrans lan an desanm 1801; espedisyon a te rive Kap-ayisyen - ki te Kap-fransè lè sa a - an fevriye 1802. Panfil Delakwa te anrejistre reyaksyon ke Tousen te sawadizan  genyen devan Amada sa a : « Tout Lafrans te debake Sendomeng. [...] Li te vini pou li tire vanjans pou tèt li epi fòse nwa yo tounen nan esklavaj ».

Malgre lame Tousen an pa te ini, epi yon pakèt jeneral te ale jwenn Leklè, rezistans lan te kanpe kin: Kap-ayisyen li menm te leve sou depye militè li, Tousen Louvèti te menmen Fransè yo nan kè Sendomeng kote twoup li yo te angaje plizyè gran batay ak yo, mete sou sa yo te defann Krètapyewo, jiskaske yo bay legen nan mwa avril 1802. Desalin ak Anri Kristòf te vin alye Fransè yo, epi Tousen - ki te yon menas toutotan li te rete nan koloni an - te tonbe nan yon pyèj kote yo te arete li epi voye li nan prizon nan « Château de Joux » kote li pral mouri an avril 1803.

Pandansetan, nouvèl kote espedisyon Richepanse lan ta prale remete esklavaj nan Gwadloup an me 1802, te devwale aklè dènye entansyon Bonapat pou Sendomeng, e apre lanmò Leklè ak lafyèv jón an novanm 1802, taktik brital siksesè li, Wochanbo, te reyisi ini lame nwa ak lame milat yo nan rezistans ankò fas a Lafrans.

Pandan Ewòp te ap viv pou yon ti kras tan nan yon moman de pè (Trete Amyen an) Wochanbo te tonbe devan lame Desalin nan – sou kòmandman Franswa Kapwa - nan batay Vètyè a, 18 novanm 1803. Apre batay sa a, lafyèv jón te fin ravaje Fransè yo, yo te vin fèb, yo te bay legen epi yo te kite koloni an.

Napoleyon te pèdi anpil twoup ak maren ki te gen valè, nan efò madichonnen pou li te enpoze otorite fransè yo nan Sendomeng; plizyè ane pita, nan memwa li, li dekri jan li te regrèt desizyon voye espedisyon an. Premye janvye 1804 Desalin te deklare endepandans Ayiti fòmèlman, sa ki te mete fen nan anbisyon Napoleyon pou li tabli yon gwo prezans kolonyal Lafrans nan Amerik la ankò.