« Dènye jou Tousen » (Madison Smartt Bell, Ph.D)

Bell se pwofesè anglè nan College Goucher. Li se otè yon seri twa volim sou Tousen ak Revolisyon Ayiti a, yo gen ladan yo tou, All SoulsRising (1995), Master of the Crossroads (2000) ak The Stone That the Builder Refused (2004).

Yo te mennen Tousen Louvèti nan yon donjon « Fort de Joux », nan « Les Alpes » an Frans, tou pre fwontyè avèk Laswis, nan lannuit 22 dawout 1802; li te la pou rès lavi li. Li te rive an kolè pou tout bagay endiy li soufri depi lè yo arete li Sendomeng, li te rive avèk enèji pou li te prepare li pou pou yon pwosè. Pandan premye semèn li yo nan « Fort de Joux » li te ekri avèk èd yon sekretè, yon memwa kòm yon dosye pou pwòp defans li – yon dokiman ki ka twonpe moun nan yon sans, men ki revele karyè li ak pèsonalite li.

Nan tan pase, Tousen te jistifye tèt li ak siksè  fas a reprezantan Lafrans (Sonntonaks, Edouvil) ke li te fè chòk avèk yo nan Sendomeng. Men premyè konsil Napoleyon Bonapat, ki te  pi gran siperyè militè Tousen, pa te fè atansyon  ak apèl Tousen te fè pou mande voye ka li a devan yon tribinal militè. Kapitèn jeneral Leklè te ekri: « Ou pa kapab kenbe Tousen  twò lwen lanmè, ni tou ou pa ka mete li nan yon prizon byen asire; nèg sa tèlman fè fanatik nan peyi sa a, prezans li la ap mete dife toupatou nan peyi sa a ankò. (Roussier, 1833). Napoleyon te sanble dakò. Entansyon yo pou Tousen, se te fè yo bliye li nan prizon nan peyi pèdi sa a, kote fredi ak lòt mankman fè yo pa te espere li te ap viv lontan.

Men, Tousen siviv plis pase sèt mwa nan « Fort de Joux ». Nan konklizyon memwa li a, li te ekri nan lide plan Napoleyon te gen pou li a: « Èske se pa tankou ou koupe pye yon moun epi ou ba li lòd mache ? Èske se pa tankou ou koupe lang yon moun epi ou di li pale? Èske se pa tankou ou antere yon moun vivan? » (Saint-Remy, 86) Pèsonn pa te gen lide fè li tounen yon mati. Zo li yo te pèdi nan yon simityè malere, men lespri li, ki pakab febli, te ede pote revolisyon Ayiti a jouk nan laviktwa final.