« Yon gè andedan yon lòt » (Christina Mobley)

Mobley se yon doktoran nan depataman istwa nan Duke University. Li ap fè tèz li a sou kongolè yo nan revolisyon Ayiti a.

Revolisyon Ayiti a te tounen yon gè sivil nan mwa me 1802, lè Anri Kristòf, Janjak Desalin ak Tousen Louvèti te asepte ale nan kan Leklè a. Desizyon yo a te divize lame revolisyonè a, paske anpil ansyen esklav pa te deside depoze zam yo, e yo te kontinye batay ak Fransè yo nan tout koloni an. Pami yo te gen lidè enpòtan ki te fèt an Afrik tankou Sansousi ki te yon lidè enpòtan depi kòmansman Revolisyon an. Kèk twoup kolon te kòmanse alye yo ak fòs rebèl yo, espesyalman apre mwa jen, lè Leklè arete Tousen Louvèti epi mande pou yo dezame popilasyon Sendomeng nan. Lòd dezameman Leklè a pa te gen efè yo te espere a, li te okazyon leve kanpe ak chanjman pozisyon nan tout koloni an. Nan mwa oktòb, batay la te rive nan yon enpas, Leklè te ekri Napoleyon pou li mande li dwa pou fè yon gè pou elimine popilasyon nwa nan koloni an. Nan menm mwa a, Desalin ak Kristòf te bay vag ansanm ak Aleksann Petyon, yon milat enpòtan ki te vin ansanm ak fòs Leklè a soti Lafrans. Siksesè Leklè a, jeneral Donasyen Wochanbo, te dakò avèk koze abandon an pandan li te touye pwòp twoup nwa li yo, epi li te bay prizonye li yo gaz avèk silfi boule nan chanm bato li yo. Fewosite Wochanbo te pèmèt opozisyon kont fòs Fransè yo pi solid, li te fè ti rès twoup nwa ki te rete lwayal yo ale jwenn rebèl yo, ki te rele tèt yo « Lame endijèn » nan.

Men « lame endijèn » nan te divize ant kreyòl yo ak twoup lib ki te alye ak Fransè yo epi rebèl ki te fèt an Afrik yo. Desalin, Kristòf ak Petyon te planifye pou yo pran kontwòl lame rebèl la. Men, lidè rebèl yo espesyalman Sansousi, ki te nan tèt twoup esklav ki fèt an Afrik yo te rele Kongo yo, te repouse pandan kèk mwa atak Desalin ak Kristòf te dirije kont li, lidè rebèl yo pa te dakò bay plas yo a. Desalin ak Petyon te chèche fè lapè ak Sansousi men Kristòf te òdone pou yo asasinen li. Asasinay Sansousi a te fè Kongo yo anraje, kòm repons yo te atake Kristòf, sa ki te fòse li bat ba. Desalin te riposte epi atake rès twoup Kongo ki te rete yo, li te chase yo nan mòn yo, kote yo te kontinye atake lame ensije yo. « Yon gè andedan yon lòt » se konsa yo rele moman dezinyon lame indijèn nan fas a espedisyon fransè yo, dezinyon sa a te febli rezistans fas a prensip Fransè yo e tou li te anonse divizyon ki te ap gen pou li devlope apre endepandans Ayiti a.