« Kreyòl ak Bosal yo » (Gérard Barthélemy, Ph.D.)

Yon ekstrè liv Barthélemy ki rele Créoles-bossales (2000). Barthélemy se yon ansyen antwopològ fransè ki te ekri anpil sou Ayiti. Pi ba a, li fè yon obsèvasyon sou ki jan ansyen esklav ki te fèt an Amerik yo te fasil pou adopte sistèm kapitalis la yon fwa Ayiti fin Endepandan, pandan ansyen esklav ki te fèt an Afrik yo te tounen peyizan epi te bay kolektivis ak echanj valè.

Nan mitan nwa yo, nou dwe separe sa ki te afranchi yo an premye, se te yon minorite enpòtan, yo te reprezante mwatye nan popilasyon ki te lib la e ki te pran pouvwa alafen. Apre, te genyen esklav kreyòl yo, yo te fèt Sendomeng. An dènye, nou jwenn yon twazyèm gwoup, esklav bosal yo, ki te soti an Afrik. Kòm yo te fèk parèt, esklav sa yo te viv move esperyans kote yo te wete yo nan kilti orijin yo.

Si nou konte esklav ki te fèt an Afrik yo kòm yon kategori apa [ajoute sou Afranchi yo ak esklav kreyòl yo], nou ka di an reyalite te gen twa kalite nwa. Depi lè mache esklav la vini pi laj nan 50 lane ki vini avan revolisyon 1789 la, nwa ki te fèt an Afrik yo te reprezante yon gwo pousantaj nan tout esklav yo. Moreau de St-Méry di yo te reprezante 2/3 nan nwa yo. Sa se te yon fenomèn san parèy, ki te egziste an Ayiti sèlman, tout lòt kote popilasyon esklav yo se nwa ki te vin kreyòl pandan lontan.

Fenomèn twa gwoup sa yo ak bosal yo te bay kòm rezilta yon evolisyon nasyonal dwòl nan syèk ki ap vin apre a. Nwa sa yo ki te fèt an Afrik yo te ap vin fè esperyans kreyolizasyon an yo menm, men se andeyò esklavaj sa a ki te diferansye yo ak kreyòl ki te esklav yo. Nouvo kreyòl yo ap vin nan dezagreman pandan plizyè fwa ak sa ki te kreyòl depi avan 1794 yo.