« Jenosid Wochanbo a » (Graham Nessler, Ph.D.)

Nessler se pwofesè asistan pwovizwa nan Inivèsite Texas A&M. Li pibliye travay sou re-esklavaj nan liv : French Santo Domingo in Slavery ak nan Abolition and new West Indian Guide. Li gen pou li pibliye yon liv anvan lontan sou menm sijè sa a.

Nan finisman 1801 ak nan kòmansman 1802, Napoleyon Bonapat deplwaye yon gwo eskpedisyon militè nan Ispanyola avèk pou objektif kraze rejim Tousen Louvèti a epi fè zile a fè yon sèl anba otorite Pari san diskite avèk pèsonn. Menm si desizyon Napoleyon te pran pou li voye espedisyon apiye sou rivalite li avèk Toussen, premye Konsil la te espere tou remete men sou zile a, sa ki te ap pèmèt yo rive laji enfliyans Lafrans nan emisfè a. Poutan, rezistans rebèl yo konbine ak maladi te elimine tout espwa anvayisè yo pou yon viktwa byen rapid. Malgre kèk viktwa depi nan kòmansman an, fòs Napoleyon yo te pran yo gwo frap lè jeneral Chal Leklè, lidè espedisyon an, tonbe akoz maladi lafyèv jòn nan mwa novanm 1802. Se jeneral Donasyen Mari Jozèf de Wochanbo, yon ansyen ofisye militè , ansyen gouvènè Sendomeng ak Matinik, ki te ranplase Leklè.

Byen bonè nan lane 1802, Napoleyon te anile pasyèlman lwa sou afranchisman inivèsèl 1794 la, sa ki te transfòme espedisyon li yo nan koloni kle tankou Sendomeng ak Gwadloup an kanpay re-esklavajis. Sa ki te mennen yon milye moun nan konba achane yon fason pou yo pa retounen nan esklavaj. Kòm li te kwè kriz ki te gen nan Ispanyola ka rezoud sèlman si anpil moun mouri, Wochanbo te chèche masakre anpil sivil ak militè ki pa blan. Sou lòd li, Fransè yo te enpòte kèk santèn chen atak soti Kiba, chen sa yo, yo te itilize yo ni nan operasyon kont rebèl yo, ni nan espektak piblik kote yo te konn ba yo manje tou vivan prizonye ak sèvitè yo pa te renmen. Wochanbo te montre yon mechanste san parèy nan plizyè lòt fason, tankou li te konn masakre twoup ènmi yo menm apre yo fin bay legen, li te konn boule gason ak fi tou vivan, nwaye oswa tòtire solda ak sivil kòm mwayen egzekisyon.

Malgre rasis sans rezèv Wochanbo a, lame li a te konn itilize anpil twoup nwa ki te kontribiye nan kèk viktwa enpòtan yo te ranpòte, tankou lè yo te remete men sou pòs « Fort-Dauphin » (Fò Libète) ki te nan men rebèl yo, nan mwa desanm 1802 ak viktwa sou mawon Mànyèl yo lòt bò fwontyè, nan kòmansman 1803. Konsa, taktik brital Wochanbo yo ak entansyon pou li remete esklavaj nan koloni an, te fè anpil moun sou zile a kwè Fransè yo te sèlman pou esklavaj ak yon nouvo rejim rasis enstitisyonalize. Jis nan finisman prentan 1803, gè ki te gen an Ayiti a se te yon konfli nan mitan ti ponyen rebèl ki nan lagè tankou li te yon gè ant Fransè ak rebèl. Fas a atwosite Wochanbo yo, poutan, ti fraksyon sa yo - ki te gen ladan yo divès gwoup mawon, ansyen patizan Andre Rigo, yon ènmi Tousen, ak anpil lòt - te ini yo sou kote Janjak Desalin, dezyèm kòmandan Tousen Louvèti.

Nan tantativ san limit pou li kraze nouvo fòs ini sa a, ki te rele tèt li « lame endijèn », Wochanbo te fòse rekrite twoup nan Sendomeng, sa ki te pwovoke gwo abandon ak move rapò. Wochanbo pa te gen bon chans ak Anglè yo, yo menm ki te koz defèt Fransè yo asire lè yo te mete fen ak lapè pwovizwa yo te siyen ak Fransè yo an me 1803, sa ki te pèmèt yo rekreye yon barikad sou lanmè a pou koupe èd, founiti, ranfòsman ki te ap  soti an Frans. An plis, Fransè yo pa te rive peye gwo sòm lajan yo te prete nan men etranje Kiba ki te fè yo kredi, epi yon lòt kote sa te fè Sendomeng te pèdi kredi li, sa ki te presipite chit Fransè yo.

Akoz yo te izole, akoz tout plan yo te devye, akoz fayit sou plan moral ak ekonomik, Fòs Wochanbo yo te kontre ak dènye defèt yo nan mwa novanm 1803. Napoleyon te voye ant 44 000 ak 48 000 gason nan Ispanyola soti finisman 1801 rive prentan 1803. Nan finisman lete menm ane sa a, sèlman 7 000 te rete, akoz soti 2 000 rive 3 000 te mouri chak mwa. Echèk tantativ san pitye Wochanbo pou li te prezève lwa Fransè yo vin ofisyèl premye janvye 1804 lè Desalin pwoklame endepandans Ayiti ki se ansyen non endijèn Sendomeng. Malgre sa Janlwi Feran, ki te chape nan espedisyon Fransè yo, te mete yon rejim esklavaj nan Sendomeng menm ane a, ak rejim sa a li te ap chache retounen ak esklavaj epi kraze Ayiti, nasyon ki te fèk fòme a. Rejim sa te rete jiskaske yo te pouse do Fransè yo mete yo deyò nan Sendomeng an 1809.

Li difisil pou ta bay yon estimasyon sou kantite gason, fanm ak timoun fòs Wochanbo yo te touye. Twoup li yo te masakre plizyè milye moun, plis nan yo se desandan Afriken, pandan grangou, swaf ak maladi te pote anpil lòt ale. Jenosid Wochanbo a rete sinonim pi move abi kolon yo nan lagè Ayiti a. Li toujou sèvi pou raple sa libète a koute nou, nan espas kote gwo esperyans afranchisman jeneral esklav yo te fèt pou premye fwa nan emisfè a.