« Batay vètyè a » (C.L.R. James (1901-1989)

Yon ekstrè nan liv James, The Black Jacobins: Toussaint LOuverture and the Saint Domingo Revolution (1963). James te yon istoryen, yon entelèktèl trinidadyen epi afriken. Nan liv li a, li prezante Ayisyen yo kòm Jakoben nwa ki te chavire klas plantè yo ak enperyalis Ewòp la. Liv li a, ki se yon istwa damou, enspire yon tikras de mouvman Maksis ak dekolonizasyon an Afrik.

Nan mwa desanm yon rimè te ap sikile; kòmkwa nwa yo ak milat yo pa te ap batay pou endepandans paske yo te toujou ap pote drapo fransè a. Pou mete yon bout nan sa, Desalin te konvoke yon reyinyon nan Akayè. Nan twa koulè ble, blan, wouj drapo fransè a, yo te retire blan an, epi nan plas R.F (République Française), yo te ekri Libète ou lanmò.

Yon semèn apre konferans Akayè a, tout Sendomeng te konnen lagè ant Anglè ak Fransè yo te rekòmanse; flòt Anglè yo te izole Wochanbo.

Le 16 novanm, nwa ak milat yo te konsantre yo sou yon dènye atak nan vil Okap, sou gwo pòs fòtifye sa ki te antoure li a Klèvo, yon milat te ap kòmande. Kapwa Lamò, yon ofisye nwa, yo te bay non Lamò akoz li te brav, te avè li. Yo te atake Fransè yo nan gran maten.

Yon bal te frape cheval Kapwa a atè, lè sa li te kontinye grenpe ak raj, li te fè yon jès meprizan ak epe li, li te kontinye avanse. « An avan, an avan ». Fransè yo ki te batay anpil kote deja pa te ko janm wè bagay konsa. Se te gwo bri alawonnbadè ... Lidè zòn nan, Desalin, te poste sou yon ti mòn tou pre. Menm Desalin ki te brav pase brav, pa te konprann lespri Kapwa ak solda li yo.

Yon lapli te kanpe batay la. Men tout bagay te gen tan fini. Menm lannuit sa a, Wochanbo te reyini ak yon konsèye lagè li yo li te deside kite zile a. Desalin te avèti li, si li pa bay zile a blanch sou plas, tout bato li yo te ap resevwa kout gwo kanno… Wochanbo pa te gen lòt chwa, rann tèt li bay Anglè yo. Nan 60 000 solda ak maren ki te soti an Frans yo, prèske tout te mouri, ti kras ki te rete yo te oblije ale kwoupi nan prizon Anglè yo pou anpil ane.