Revolisyon Ayiti a ak repiblikanis popilè nan Katajèn an Kolonbi

Marixa Lasso (Ph.D.), se pwofesè asosye nan istwa nan Case Western Reserve University. Li se otè yon liv ki rele Myths of Harmony: Race and Republicanism during the Age of Revolution, Colombia, 1795-1831 (2007).

Vil Katajèn te prensipal pò nan Kolonbi kolonyal la e youn nan pi gwo pò nan peyi ispanofòn ki nan Karayib la. Tankou lòt vil nan Karayib la, popilasyon Katajèn nan te gen ladan li yon minorite blan ak yon majorite desandan Afriken. Gen ladan yo ki te lib e gen ladan yo tou ki te nan esklavaj. Lè revolisyon Ayiti a eklate, otorite espanyòl yo te pè pou mouvman ayisyen an pa tounen yon sous enspirasyon. Enkyetid sa a te parèt a klè an 1799 lè konspirasyon (konplo) Ayisyen, Afriken ak esklav kreyòl yo te atake Katajèn pou pran kontwòl vil la epi touye tout blan yo. Menm lè swadizan konplo a pa te ale pi lwen pase mete  dife nan kèk vil pwòch yo, kolon yo te rete ap siveye lòt konplo. An 1811, lè yo deklare endepandans Repiblik Katajèn nan, yo ranfòse kontak yo ak peyi d Ayiti. An 1812 lè gouvènman an fè Katajèn tounen yon refij pou Karayibeyen yo, sa te parèt nòmal pou ou jwenn maren fransè ak ayisyen nan vil la. Maren Katajèn yo ak Ayisyen yo kèk fwa jwe wòl pirat ansanm, e Ayisyen yo sèvi kòm maren nan nouvo kò marin nan. Maren ayisyen yo te patisipe nan defann Repiblik Katajèn pandan syèj Espay 1815 la. Konsa, nou sèten gen senkant gason yo te plase pou asire sekirite vil la, e yo tout nèt se te Ayisyen.

Ayiti vin tounen yon eleman nan zafè politik zòn nan, li pèmèt yo demonte tansyon rasyal nan peryòd endepandans lan. Patriyòt Katajèn yo te soti nan plizyè ras: gen ladan yo ki nwa, milat ak kèk blan ki soti nan lelit la. Tankou lòt patriyòt ispanofòn yo, patriyòt sa yo deklare libète pou tout moun san gade sou koulè po e pwomèt yon nouvo souf nan yon peyi kote tout moun egalego, kote diferans ap chita sou baz merit e non pa sou koulè po osinon orijin. Pandan lagè a, kèk desandan afriken te rive nan pòs militè epi dirijan politik, sa te vin plizoumwen konfime nouvo rèv sa a ki se egalite nan mitan ras yo. Nan kontèks sa a, Ayiti vin ap evolye ak yon imaj politik ki montre nan ki dimansyon chanjman yon revolisyon kapab pote. Pou blan ki soti nan lelit la, Ayiti reprezante yon kastètchinwa ki fè yo pè anpil: nwa yo ta pral itilize pouvwa politik ak militè yo te genyen pandan lagè a pou kouri dèyè klas lelit la epi mete yon klas ki gen dirijan nwa ak milat ladan li an plas. Pou nwa ak milat yo, Ayiti reprezante posiblite ki genyen pou kontinye revolisyon an pou pwoklamasyon egalite nan mitan moun yo rive tounen yon reyalite anmenmtan tout fòm diskriminasyon kaba. Men sa yon ebenis milat te di: « Si ta gen moun ki fè pati klas sosyal li a yo ta ap maltrete nan rès peyi li, Kolonbi, se pou yon lòt lagè ta fèt kont blan yo ».