« Petyon ak Boliva » (Chelsea Stieber)

Stieber se yon kandida pou yon doktora nan Inivèsite Nouyòk nan depatman lang franse. Rechèch li yo fèt sou literati peyi d Ayiti.

Aleksann Petyon (1770-1818), youn nan gran ewo endepandans Ayiti, te jwe yon wòl enpòtan nan asire endepandans Amerik Latin nan. Konsa, li te bay Simon Boliva, chèf mouvman endepandans Venezyela èd (1783-1830). Boliva fèt Karakas lakay yon propriyetè plantasyon ki rich e ki gen moun ki ap travay kòm esklav nan plantasyon li. Moun vin rekonèt Boliva sou non « Gran liberatè Amerik Latin nan ». Finalman li pa te sèlman jwenn endepandans pou Venezyela, men tou pou pi fò peyi ki nan pati nò Ameriksid la.

Yon lame espedisyonè espanyòl fòse Boliva pati kite Venezyela, li pran chemen Ayiti pou li an pasan pa Jamayik. Nan mwa desanm 1815 li debake Okay. Okay vrèman, sou prezidan Petyon, se te yon pò pou bay moun azil. Azil sa a se pa te sèlman pou konbatan pou endepandans nan Ameriksid la, men tou pou tout moun  ki ap chache libète nan Karayib la.

Petyon vin zanmi ak Boliva. Li konprann batay pou endepandans Boliva ap mennen an, li dakò pou li ba li zam, minisyon ak solda - sou de kondisyon. Premyèman, se pou Boliva dakò elimine esklavaj nan peyi Venezyela lè li pran libète li menm jan sa dwe fèt nan nenpòt peyi ki ap vin lib nan Ameriksid la. Dezyèmman, se pou yo voye esklav yo kenbe an kaptivite yo an Ayiti pou yo ka jwenn libète. Boliva dakò ak toulède kondisyon yo. Li al repran Venezyela, li fè konnen premye objektif efò pou liberasyon li ap mennen an se rive aboli esklavaj. Apre yon premye tantativ pou repran teritwa prensipal la ki pa mache, Boliva fè yon lòt vwayaj an Ayiti pou jwenn plis sipò. Li retounen Venezyela epi an 1817 li bati yon fò total kapital pou li rive jwenn endepandans lan.

Kontribisyon Petyon nan endepandans peyi Amerik Latin yo montre aklè angajman li nan lit kont esklavaj nan emisfè a . Ada Ferrer, yon istoryen, ekri : « Èd Petyon bay Boliva ak sa li bay lòt peyi ki soti nan esklavaj montre dezi prezidan ayisyen an te gen pou « rive fè plis peyi jwenn libète » non sèlman nan Ameriksid la, men tou nan peyi Karayib yo ak nan Oseyan Atlantik la.