« Reyaksyon Ameriken yo » (Michael J. Drexler, Ph.D.)

Drexler se pwofesè asosye nan anglè nan Inivèsite Bucknell nan Lewisberg nan Pennsilvani. Li ekri anpil atik sou Ayiti e li edite yon nouvo edisyon liv ki rele Leonora Sansays Secret History or the Horrors of Saint Domingo (2007).

Okòmansman, soulèvman esklav yo nan Sendomeng te ale nan sans kontèks moman an, men rezistans san pran souf la te nan tout emisfè lwès la.  De jou an jou, sistèm endistrèl epi deimanizan nan plantasyon an  rann mizè moun yo vin pi mal e sa fè esklav yo plis anvi revòlte. Endepandans Etazini ak mouvman pou ranvèse monachi an Frans lan kapab sous motivasyon ki fè esklav yo leve kanpe tou, men se sèten sa te alabaz fason plantè, fonksyonè metwopòl yo ak tout lòt moun ki konsène yo te reyaji nan lagè pou jete sistèm esklavjis la nan finisman dizwityèm  syèk la. E pèsonn pa dwe souzestime jan konpetisyon nan mitan gwo pisans epòk la ka anpeche ou konprann ki jan, pa egzanp, yon Britanik wè yon fason diferan reyalite lagè a lè se de Sendomeng yo ap pale osnon lè se de Jamayik, koloni britanik yo ap pale. Akote konfizyon sa a ki toujou vin ak gwo kontradiksyon, se yon seri reyaksyon konplèks ki ap fè santi Ayiti pral pran endepandans li.

Apre revolisyon, nan Filadèlfi, pa egzanp, kolon yo te rankontre ni senpati ni mefyans. Yo aboli esklavaj nan nò Etazini an 1790, men la nou echwe, pwopriyetè esklav ki fè pèt yo konte sou byenveyans vil la. Gen ladan yo ki pa dakò pou revolisyon Sendomeng nan, se youn nan objektif Asanble jeneral la. Yon lòt bò, Fransè ki ap sipòte pou revolisyon rive fèt nan peyi yo a wè chanjman fèt nan Sendomeng ta yon bon bagay pou Lafrans. Abraham Bishop ekri yon liv ki rele The rights of Black Men an 1791, kote li ekri: « Ameriken yo konnen Libète se yon dwa natirèl moun genyen, e nou konnen Nwa yo pa janm fè kado libète sa a ak tout volonte yo ».   
​​
Kèk nan abitan ki nan sid peyi a, ta pral soulve pwoblèm sa a. Editè jounal sid yo te fè pridans pou pa bay nouvèl sou soulèvman esklav ki te ap fèt yo, yon fason pou enfòmasyon sa yo pa pran tèt pwòp esklav pa yo pou fè rebèl. Youn nan pi gwo ouvèti ki fèt sou kesyon vyolans nan Karayib la se nan Leonora Sansays secret History (1808), kote nou jwenn istwa sou zak atwòs – mechanste ak lapèrèz nan Sendomeng melanje ak istwa esklav fidèl ki veye chan plantasyon osinon fòs viv mèt yo.

Kòm Ayiti te sou wout pou pran endepandans, Tousen Louvèti parèt enpòtan nan je Angletè ak Etazini. Yo mande li pou li pran ansyen esklav yo pou konbat Lafrans e pou mete yon estabilite nan echanj komès ak Etazini menm lè Lafrans mete yon anbago. Pou yon gwoup solda Napoleyon ki te nan lwès Sendomeng, Tousen pa te reprezante yon pi gwo menas pase sa, men pou Abolisyonis yo, Tousen se te yon ewo. Epoutan, se jis apre gè sivil ki te fèt nan premye mwatye syèk la, Etazini ta pral rekonèt endepandans Ayiti a paske yo te pè pou sa ki pase Sendomeng nan pa rive nan zorèy abitan ki nan sid peyi a.