« Etazini abandone li » (Placide David)

​​Yon ekstrè nan liv David ki rele Sur les rives du passé(1947). David se yon istoryen ki ekri anpil sou Ayiti, li ede nan mete yon gwoupman yo rele SociétédHistoire et de Géographie sou pye.

​Desalin fè yo ranpli tout kazèn ak fò yo ak materyèl e zam pou yo sèvi. Le 4 septanm 1804, li ale Machan nan Gonayiv nan yon bato yo rele « The Connecticut ». La, li rankontre yon komèsan ameriken epi siyen yon kontra pou li jwenn katouch, dra, kabann, ak rad pou solda yo. Selon akò sa a, Ameriken yo ateri sou waf nou yo. Yo dechaje bato pou bay sa Desalin te mande yo epi pran an retou kafe ak lòt pwodui premye nesesite. Komèsan ak espeditè ki soti Nouyòk sa yo te fè pwogrè. Yo pat sispann fè lwanj pou jènn peyi sa a ki te peye yo si tèlman byen.      
18 me 1805, yo resevwa youn nan konvwa yo nan pò Nouyòk. Abò bato « Hindunstan » yo te òganize yon bankè avèk san patisipan, pami yo wo grade nan vil la tankou Senatè ameriken Rufus King.

Chal Taleran, minis Afè etranjè peyi Lafrans ekri jeneral Armstrong, anbasadè Etazini a Pari, pou li fè yon revandikasyon. Men sa pa mache. Etazini pa sispann fè komès ak Ayiti paske sa te rapòte li anpil lajan. Pandan tout yon ane, de peyi yo te gen anpil echanj. . Plis minis fransè a ap fè presyon sou konpayèl li, Armstrong, se plis Ameriken an [Armstrong] ap fè mawonnaj. Sepandan, an desanm, Napoleyon ranpòte laviktwa sou Ris ak Otrichyen yo nan batay Austerlitz la. Kowalisyon peyi Ewòp yo ta pral kanpe Lafrans nan fon lanmè a. Si Angletè te fè lapè ak Lafrans, li pa te ap ka veye lanmè a. E, Etazini pa te ap chape anba kolè Napoleyon. Li  te gen pou li aji vit yon mannyè pou anpeche sa. [Napoleyon], gran gayan Ewòp la, deside pini Etazini… Prezidan Thomas Jefferson pa te sèlman mande Kongrè a pou li anile kontra komès ak Ayiti a, men tou li bay nan Depatman deta (Ministè Afè Etranjè) pwojè ki te deja ekri ke Kongrè a adopte san amandman 18 fevriye 1806 la.