« Revolisyon Ayiti a ak acha Lalwizyàn » (Paul Lachance, Ph.D.)
Lachance se pwofesè nan Depatman Istwa nan University of Ottawa. Li ekri anpil atik sou esklavaj, sou Ayiti ak sou teritwa Lalwizyàn.
Menm jan siksè Revolisyon ameriken an gen pou wè ak premye pèt koloni Lafrans te fè an 1763 yo, Revolisyon Ayiti a se te yon pa enpòtan nan avansman nouvo peyi endepandan nan lè yo te vann Lalwizyàn nan an 1803. Yon ti tan apre Napoleyon fin pran otorite li, li fè premye pa nan mete yon anpi kanpe nan Amerik la – an 1803, trete yo rele Sann Ildefonso a te fèt an sekrè, ladan li Espay dakò pou li remèt Lafrans pati lwès Mississipi River li te ba li an 1763 a. Epi, li pwofite de avantaj trete Amiens an, yon trete ki mete fen nan lagè kont Angletè a. An 1802, yo mete twa espedisyon sou pye: premye a gen 35 000 solda pou metrize Tousen epi retounen fè metwopòl la (Lafrans) pran kontwòl Sendomeng; dezyèm nan gen 3 500 pou tabli lapè nan Gwadloup ak yon twazyèm ki gen 3 000 pou pran kontwòl Lalwizyàn. Twazyèm espedisyon an abandone misyon li. Se 2 me 1803 nan kapital Lafrans (Pari) yo pran desizyon pou revoke yo, de jou anvan yo siyen trete pou achte Lalwizyàn nan.
Dapre plan Napoleyon pou Oksidan an, se pou Zile Karayib ki sou dominasyon Lafrans yo ta tounen pwodui epi vann Lafrans ak peyi Ewòp yo pwodui tankou: sik, kafe, digo ak koton. Dezyèm plan an, se pou Lalwizyàn ta pwodui manje ak bwa pou koloni Lafrans nan Karayib la yon fason pou evite komès ilegal fèt ak Amerikdinò britanik la ki se opozan fawouch sistèm ansyen rejim nan. Se la koneksyon ki genyen ant vant Lalwizyàn nan ak Revolisyon Ayiti a. Lè plan batay Napoleyon kont Revolisyon Sendomeng lan pat mache, rezon pou yo ta remèt Lafrans Lalwizyàn vin pa te nesesè. Lè lagè a rekòmanse an me, pou Lafrans pa kite Angletè mete men sou li, li pran yon desizyon drastik. . Li vann Etazini Lalwizyàn.
Sa yo rapòte sou jeneral Leklè, bofrè Napoleyon, kòmandan lame fransè a nan Sendomeng, fè moun konprann ki jan an 1802 li (Leklè) te pare pou tout bagay lè yo te anonse dekrè pou remete sistèm esklavajis la kanpe e pou retounen fè komès achte esklav soti Gwadloup vini nan Sendomeng. Esklav yo pa te bese lebra pandan plizyè milye solda ewopeyen te ap mouri ak lafyèv jón. Yon ti tan anvan li menm li mouri ak maladi a, 2 novanm 1802, men sa li (Leklè) ekri nan yon lèt: « Sèl espwa m chita nan estrateji pou simen laterè ak jenosid: nou dwe detwi tout esklav yo – gason kou fi – epi se sèl timoun ki gen pi piti pase douz lane pou n kite nan koloni an. Nou dwe detwi mwatye nan sa ki plante yo nan plèn e pa kite okenn milat nan koloni an si li te nan lame a ». Menm lè lame fransè a pa te abandone lit la nan Sendomeng nan kòmansman lane 1803 a, desizyon Napoleyon te pran an avril pou vann Lalwizyàn bay Etazini an te deja montre li pèdi lespwa pou li ta kontrekare revolisyon an Ayiti a e rive remete sou pye sistèm esklavajis la nan pati sa a nan Oseyan Atlantik la.