« An 1805, Desalin anvayi pati lès la »  (Johnhenry Gonzalez, Ph.D.)

Gonzalez fèk sot fè yon doktora an istwa nan University of Chicago, e kounye a li jwenn yon bous pou fè yon etid pòs-doktora nan Duke University. Sijè tèz li a se: The war on Sugar: Forced Labor, commodity Production and the origins of the Haitian Peasantry, 1791-1843.

Apre defèt espedisyon Leklè a ak deklarasyon endepandans Ayiti an 1804, sou lòd jeneral Feran, lame fransè a pran kontwòl Sendomeng, premye koloni Espay. Finalman, Desalin pran desizyon pou elimine Fransè yo sou zile a, li mobilize solda li yo epi anvayi pati lès zile a nan prentan 1805. Sou twa semèn, solda fransè yo kite teritwa a pou Ayisyen yo. Menm lè te gen kèk ti pwoblèm, Desalin te rive byen pran Sendomeng e jere toulède pati zile a, Ayiti ak Sendomeng. Lame fransè a pa te ka reziste ankò lè bato franse yo vin konvenk Desalin kite teritwa a pou al prepare sa li pa te vle a, posiblite pou Fransè yo anvayi zile a. 

Kòm yo gentan chape poul yo soti Sendomeng, Desalin pase solda li yo lòd pou yo boule vil sa yo: Kotui, Lavega ak Sanntyago. Yo te ale tou ak plis pase mil gason ak fi yo te kaptire, ak timoun lame a rasanble pou fòse ale  an Ayiti. Militè ayisyen yo rele kaptiv ki te sòt nan lès yo “Panyòl”. Lame endijèn nan transpòte moun yo pran an kaptivite yo an Ayiti, yo fè yo fè plis pase san  kilomèt a pye. Lè yo rive, Kristòf, Desalin ak lòt jeneral nan lame a pran yo epi mete nan zafè admistrasyon plantasyon nan nò peyi a. Evènman ki te pase nan envazyon Sendomeng nan parèt totalman kontrè ak sa ewo endepandans Ayiti yo bay kòm kontribisyon. Yon bò, lit yo mennen pou pran kontwòl zile a te fèt nan lide pou defann peyi a, yon peyi ki fèk libere, yon fason pou Lafrans pa tounen anvayi li epi remete sistèm esklavjis la sou pye. Yon lòt bò, kenbe yo te kenbe moun yo an kaptivite a epi fòse yo a montre ki jan estrateji Desalin ak Kristòf te deplwaye pou fè zile a tounen sa li te ye avan an, yon chan plantasyon, pa te dous ditou.