"Christophe and the Kingdom of the North" by Nathalie Pierre​

« Kristòf wa nan Nò » (Nathalie Pierre​) 

Pierre se yon kandida  doktoral nan Depatman Istwa nan New York University. Tèz  li a pale sou Ayiti apre endepandans li.

Anri Kristòf te jeneral an chèf nan lame Ayiti a soti nan lane 1791 pou rive nan lane 1803. An 1806, apre yo fin asasine Anprè Janjak Desalin, Kristòf antan ke moun ki te siksede [vin aprè] Desalin di tèt li ke li tap vin   Prezidan. Malerezman pou Ayiti, prejije rasyal desandan fransè yo refize pou se yon ansyen esklav ki nan tèt gouvènman an. Yo tante mete Kristòf nan yon gouvènman repibliken ki te ap an reyalite redui pouvwa li a zewo nan pòs la. Kristòf refize asepte e kòmanse yon gè sivil kont yo ak Aleksann Petyon ki se chèf yo. Pa te gen gayan nan gè sivil la. Kòm solisyon yo te divize peyi a an de teritwa endepandan : Kristòf ak wayòm li nan Nò epi Petyon ak Repiblik li a nan Sid.

Akote konpòtman san pitye Petyon te petèt afiche kont wayòm Kristòf la, te gen lòt bagay ki bay wayòm nan plis pwoblèm toujou. Premyèman, menas Lafrans toujou ap fè pou tounen anvayi peyi a se sa ki esplike gouvènman an kanpe sou estrateji militè. Defann Ayiti mennen yo konstwi anpil fò ki bay sou lanmè Karayib la ak sou Oseyan Atlantik. Sitadèl Laferyè, pi gwo fò nan Emisfè sid la, se youn ladan yo. Yo bati li sou sipèvizyon enjenyè militè Alman soti nan lane 1810 pou rive nan lane 1813. Se nan fò a ke San Sousi, youn nan palè wayòm nan Kristòf te pi renmen, nan Milo (yon ti vilaj ki Okap) ye. Dezyèmman, Etazini refize rekonèt endepandans Ayiti, sa ki fasilite komès ilegal ak absans negosyasyon diplomatik, ki fè peyi a vin pi frajil devan pwoblèm diplomatik la. Men, nan nivo enfrastrikti, peyi a ap monte gras ak pwogram Kristòf la ki te gen de eleman enpòtan: yon gouvènman estab ak yon bon sistèm edikasyon. An mas 1811, yo pwoklame bridsoukou pou tout moun mete men. Yo te mete yon seri prensip estrik an plas pou pini sitwayen Ayisyen yo. Sepandan, gen moun ki leve kanpe kont gouvènman Kristòf la paske li te twò sevè nan lwa li yo. Kòd Anri a (1812) gen ladan li kondisyon pou travay.