« Petyon prezidan nan Sid »  Joseph Saint-Rémy (1818-1856)

Yon ekstrè nan liv Saint-Rémy ki rele : Pétion et Haiti : monographique et historique (1954-1957). Yo nome Saint-Rémy istoryen. Li fèt Gwadloup men li te al viv an Ayiti e apre an Frans.

Àn-Aleksann, yo konnen sou non Petyon, fèt Potoprens, nan ri Revolisyon ak Òleyan yon 2 avril 1770. Se te pitit yon blan Pascal Sabés ak yon milatrès yo te rele Ursuela. Men li se yon katwon, san mele, li gen cheve nwa krepi, sa konn fè yo pran li pou Endyen. Dapre sa yo di, koulè po li te fè papa li doute, se pou sa li te refize ba li siyati. A 18 an, Petyon te solda nan lame. Pandan revolisyon an li te di ke li pa kwè nwa ak blan  dwe kòmanse yon gè sivil paske  se potko moman an devan blan yo pou pale de vanjans ; yo dwe bliye sa ki te fèt nan tan pase  Konsa, Petyon pran tèt mouvman revòl Desalin nan e li tounen yon bon sèvitè anba Desalin, yon chèf feròs. . An 1806, apre asasina Desalin nan, Petyon te nan dezakò ak Anri Kristòf, ki te ap asire enterim nan e ki te refize rekonèt konstitisyon an. Men sa Petyon deklare an 1806: « Mwen ta renmen deklare piblikman bay konpatriyòt mwen yo bon entansyon ki anime karaktè ak aksyon mwen yo espesyalman apre lanmò Desalin e jodi a se jeneral Kristòf ki koz gè sivil nan mitan nou, pandan li ap chèche detwi libète nou te rive jwenn apre yon bann traka. Pita Kristòf nome tèt li wa nan Nò; e chanm sena a pwoklame jeneral Petyon prezidan nan Sid peyi d Ayiti ».

Sena a apwouve desizyon Petyon te pran 21 avril 1807 ki otorize yo distribiye yon minimòm dis kawo tè (anviwon 31 ekta edmi). Epi, Petyon ki vin prezidan avi pase lòd pou tout moun ki bay sèvis yo resevwa pati pa yo nan richès peyi a, li di tou tout sitwayen dwe posede tè pa yo nan tè yo te pran nan men Lafrans lan ak kolon yo. Petyon te konnen fè pataj tè a se fini ak klas moun privilejye, aristokrat yo. Ekonomikman, yon kote ki gen yon pataj tè konsa, pa gen lòt posiblite pase travay latè, leve tèt ou toutpandan ou ap travay pou tèt ou san ou pa bezwen yon rejim fewodal nan tèt ou pandan ou ap plis ka pran responsablite ou an men e peyi a li menm li ap mache.