« Kòd riral Kristòf la » (Vergniaud Leconte)

Yon ekstrè nan liv Leconte ki rele : Christophe dans lhistoire dHaiti (1931). Leconte se te yon avoka ki te batonye nan bawo Okap nan kòmansman lane 1900 yo
.
An jiyè 1811, Kristòf monte yon komisyon pou elabore lwa li ta pral soumèt bay kabinè li pou konsiderasyon…. Kristòf rive bonè epi pran lapawòl nan deba a, li bay agiman li yo epi li pote ekleraj sou sijè a. konferans lan dire sis mwa anviwon e nan finisman ane 1812, gen nèf nouvo lwa yo adopte e konpile ansanm sou non Kòd Anri, li pote non Anri Kristòf moun ki kreye li a. Te gen uit  lwa sou lagrikilti; Twa premye yo pale sou obligasyon pwopriyetè ak kiltivatè yo genyen youn anvè lòt. Pwopriyetè yo dwe fè tout sa ki posib pou byen trete travayè yo, sinon travayè sa yo ka pote plent kont Lyetnan Wa a.    

Pwopriyetè a te oblije non sèlman konstwi espas nòmal, men tou jwenn moulen ak zouti pou fè sik la. Li te gen responblite kenbe moulen an an bon eta, veye pou plantasyon kann nan fèt e pran swen chan kann yo epi koupe yo a lè pou yo bay sik ki gen bon kalite. Plantasyon kafe yo te la pou fèt nan bon espas, nan tè sèk ak zouti pou byen rekòlte kafe a. Yo dwe koupe pye kafe ki donnen deja yo pou fè lòt sèvis. Katriyèm pati a di pou yo bay travayè yo yon ka nan sa ki rantre a. Tout kote ki gen yon chan travay selon jan lwa a fikse sa dwe premyèman vann machandiz yo epi distribiye yon ka nan sa ki rantre bay travayè yo. Dènye pati lwa sa a gen pou wè ak lajistis. Prizon, travay fòse ak amann se pinisyon moun ki dezobeyi lalwa. Solda Dahome yo te la pou mete sekirite nan peyi a.... Tout kay chak twazè dimaten gen vizit youn nan solda sa yo ki la pou veye sou yo. Kiltivatè yo te oblije travay latè piske yo pa te kapab jan yo vle kite sa, ni pwomennen osnon ale viv yon kote jan lide yo di yo san se pa pou yon travay epi fòk yo kapab pwouve kat sou tab.