"Christophe, the British Philanthropists, and Education"

« Kristòf, donatè anglè yo ak edikasyon an »
Tèks anba a se yon ekstrè nan yon lèt Anri Kristòf ekri 5 fevriye 1816 pou abolisyonis anglè Thomas Clarkson. Lèt la pita te  pibliye nan Henry Christophe and Thomas Clarkson: A Correspondence (1952), yon liv Earl Leslie Griggs ak Clifford H. Prator ekri. Nan ekstrè anba a, Kristòf mande Clarkson ak yon lòt donatè Anglè, William Willberforce pou voye pwofesè vin entegre sistèm edikasyon Ayiti. Konsa, kòm Kristòf te fè Prince Saunders, yon pwofesè Afwo-Ameriken konfyans, li ba li pote lèt la an Angletè pou li.    
Mesye …

Pandan lontan entansyon mwen ak pi gwo anbisyon mwen se pwoteje nasyon sa a yo konfye mwen an e ki bezwen yon moso pen lenstriksyon. Revòl Petyon an montre li trayi pèp Ayisyen ak gè sivil sa a li te mete nan mitan nou an. Mwen deside kanpe sa. Mwen swete bay edikasyon premye plas nan priyorite Wayòm nan. Mwen ap bay tout mwen menm nan pwojè sa a. Biwo ministè edikasyon an ap gen bezwen nan vil la ak nan peyi a gen tan an chantye. Mwen ap tann pwofesè ak lòt pwofesyonèl mwen te mande ou voye pou mwen yo, ki yo menm ap gen pou fè fòmasyon jenès la. Mwen deside ba yo tout ankourajman, pwoteksyon, ak tolerans nesesè nan zafè relijyon yo mete sou tout lòt avantaj ki parèt nòmal e rezonab. Konsa, si Bondye beni travay mwen e fè mwen wè plis jou, mwen espere pèp Ayisyen an ap rive konbat tout sa ki pa bon yo lage sou do li depi lontan e ap etone lemonn antye ak konesans li.     

Mwen santi li nesesè pou mesye Prince Saunders te tounen an Angletè ale chèche mennen vini pwofesè m te mande mesye William Wilberforce voye pou mwen yo, ki gen pou enstwi jèn nan peyi a selon jan yo fè sa nan lekòl an Angletè. Mwen te fè Saunders konfyans ale bay anpil lèt pou mwen. Genyen se pou zanmi ak youn pou jounal nou an paske mwen tande gen kèk lèt nou te ekri e yo te ekri n yo sezi Jamayik ak Sentoma. 

Nan espwa ou jwenn lèt mwen an mesye Sanders te gen pou li ba ou menm ansanb  ak zanmi nou yo, m ap di ou mèsi ak anpil kè kontan ak senserite pou tout efò ou fè, pou dilijans ou montre pou koz Afriken yo ak desandan yo ka chanje. Gratitid mwen anvè ou e anvè sa yo ki te byen defann nou yo p ap janm efase nan kè mwen e mwen ap toujou pwofite tout okazyon mwen jwenn pou m montre sa.

[Siyati]

Anri