« Bwaye ak mond deyò peyi a » (Erin Zavits)

Zavits se kandida pou doktora nan depatman istwa nan Inivèsite Florid. Tèz doktora li a etidye jan yo komemore istwa an Ayiti.

Yon dechè oubyen yon parya nan mitan nasyon yo, se konsa yo souvan karakterize Ayiti, ki te gen esklavay ankò nan diznevyèm syèk la, li te dirije tèt li tankou yon nasyon izole pa rapò a rès mond nan. Malgre nasyon-zile a te fè fas avèk gwo rayisman lòt peyi, li te genyen relasyon entènasyonal avèk kèk peyi. Devlopman diplomasi etranje a te vin ogmante sou vensenkyèm  ane pouvwa Janpyè Bwaye a. Relasyon etranje sa yo te konsène twa gran domèn : emigrasyon, rekonesans Ayiti kòm peyi endepandan ak komès. 

Tou dabò, nan kad imaj Ayiti tankou yon kote pou moun ki gen orijin yo an Afrik jwenn refij, Bwaye, nan koperasyon avèk Afwo-Ameriken yo e abolisyonis ki soti nan peyi Etazini, soutni yon kanpay emigrasyon moun nwa. Premye gwoup (kòwòt) migran yo rive nan mitan ane 1820 yo. Menm si anpil nan yo te gen gwo difikilte pou adapte yo avèk klima nouvo anviwònman kiltirèl ak lengwistik la, sèten nan yo rive rete epi kòmanse yon nouvo lavi an Ayiti. Yon dezyèm kòwòt migran ta pral rive nan ane 1850 yo ak 1860 yo.

Anplis popilasyon an ki vin ogmante, diplomasi Bwaye a santre sou de objektif: rekonesans endepandans Ayiti ak relasyon komèsyal ak lòt peyi yo. Demach pou rekonesans lan pral pran yon lòt dimansyon an 1825 lè wa Chal X ki te ap dirije Lafrans pran yon dekrè wayal pou rekonèt endepandans Ayiti a epi devlope relasyon komèsyal avèk peyi a, mwayenan Bwaye peye yon ranson 150 milyon fran. Avèk bato lagè franse yo ki te ap dòmi nan lanmè Pòtoprens lan, Bwaye asepte dekrè a, men li negosye kèk avantaj komèsyal ki pi rezonab sou dis pwochen dizèn ane yo pou tou de peyi yo epi li negosye tou pou retire 60 milyon fran nan ranson an. Trete avèk Lafrans lan mennen lòt negosyasyon avèk lòt pisans ewopeyen tankou Grann-Bretay, yon gwo patnè komèsyal, ki dakò pou tabli relasyon komèsyal avèk Ayiti dapre dekrè Chal X la. Menm si rezilta diplomasi Bwaye yo kapab fè deba, li te fè yo rekonèt epi sekirize dwa komèsyal entènasyonal ki pèmèt Ayiti antre nan relasyon komès avèk lòt peyi yo.