« Bwaye anvayi pati lès Ispànyola » (Juan Camilo Vera)

Vera se yon etidyan nan doktora nan Inivèsite Miami. Rechèch li pote sou relasyon Ayiti ak Sendomeng ak enpak sa genyen sou idantite nasyonal an Repiblik dominikèn.

Nan kòmansman diznevyèm  syèk la, pati lès zile Ispanyola a te kite kouran ak mouvman revolisyon pou endepandans ki te ap fè pale de yo nan tout Amerik Latin nan touche li. Divizyon politik nan pati espanyòl zile a, Sendomeng, te vin jwenn yon boustè fas a yon seri difikilte ekonomik, enkonpetans nan administrasyon yo, yon gwo enflasyon, anpil taks ak enpo moun yo te dwe peye, ajoute sou dezòd sosyal diran peryòd yo te rele « España Boba » (Espay fou). Sou pwen sa a, Espay te neglije koloni an epi mank lajan mete sou enstabilite siyifi koloni an pa te kapab fonksyone nòmalman, avèk yon fòs militè yo pa te kapab peye regilyèman.

Pandan tan sa a, gouvènman ayisyen an te pè yon envazyon militè franse yo te kwè ki ta kapab rive nan yon moman oswa yon lòt nan pati zile pa Ayiti a. Pou prezidan ayisyen an, Janpyè Bwaye, inifikasyon zile Ispanyola a tounen yon objektif pou li atenn. Li te kwè inifikasyon de pati zile a ta kapab fasilite defans kont yon atak posib Fransè yo ta kapab fè sou Ayiti.

Anpil moun te anvizaje pwopozisyon Bwaye sa a. Yon lòt kote, lyetnan-gouvènè Sendomeng lan, Jose Nuñez de Cáceres, reprezante chèf militè ki mekontan yo nan kapital la. Objektif yo se te pwoklame endepandans Sendomeng epi vin manm Gran Kolonbi Boliva  a. Abitan Sendomeng yo vin twouve tèt yo nan yon kafou ki ofri yo twa posibilite : inifye avèk Ayiti, vin tounen yon branch nan Gran Kolonbi, rete yon koloni panyòl.

Inifikasyon avèk Ayiti a vin jwenn sipò nan mitan esklav yo avèk mas ki pa blan yo paske yo te kwè sa ta kapab mennen yo nan abolisyon esklavaj la avèk yon pi gran egalite pou tout sitwayen. Rezon sa yo, ajoute sou posiblite pou ogmante mache ekonomik yo pou vann pwodui agrikòl yo, enfliyanse anpil Dominiken ki te ap viv nan zòn fwontyè yo. Lide a vin ap pwopaje nan mitan manm lame a yo, epi, an 1821, gouvènè Sebastián Kindelán vin dekouvri yon seri ofisye militè dominiken nan vil Azua ak Santo-Domingo te deja antre nan plan inifikasyon avèk Ayiti a. Yon dènye gwo moman vin rive le 15 novanm 1821, lè dirijan plizyè vil sou fwontyè bò Dominiken yo, an patikilye Dajabón et Montecristi vin adopte drapo ayisyen an. 

Nan entèval sa a, nan Sendomeng, sou lidèchip Nuñez de Cáceres, sila yo ki te kwè Espay pa te kapab relanse ekenomi kolonyal la deklare endepandans yo nan men Espay le 30 novanm 1821. Yo revoke tout fonksyonè gouvènman panyòl yo epi yo pwoklame endepandans Leta Ayiti panyòl la. Men, kòm finisman ane 1821 an te ap pwoche, Boliva pa respekte pwomès li te fè Nuñez de Cáceres avèk patizan li yo. Èd ekonomik ak militè yo te ap tann nan pa te janm rive. Pandan tan sa a, yon konvwa militè prezidan Bwaye rive Sendomang avèk yon sipò e yon òf ranfò politik ak militè pou nouvo gouvènman an. Lè li konnen li pa ta pral jwenn okenn sipò nan men majorite milat Sendomeng yo epi sila ki nan mitan moun ki ap dirije yo konsidere li tankou yon trèt ki te ranvèse gouvènman panyòl la, li sòt oblije asepte òf avèk kondisyon Bwaye pwopoze li yo. 

Sepandan, kontrèman ak pwomès zanmitay li yo, Bwaye mobilize yon lame ki te genyen 12 000 gason nan Sendomeng. Fòs lame ayisyen an te jwenn kèk ti rezistans tou fèb. Sèt semèn apre endepandans nan men Espay la, nouvo Leta dominiken an tonbe anba okipasyon Bwaye. Lè li konnen de nan twa konpayi lame dominiken ki te egziste pa te kapab fè gwo rezistans devan mouvman okipasyon sa a, prezidan ayisyen an te byen prepare li pou li itilize fòs militè kont elit kolonyal la ansanm avèk sila yo ki te pou Sendomeng vin tounen yon branch nan Gran Kolonbi a.

Politik Bwaye, jan yo siyale sa nan pwoklamasyon 1822 a, te pwopoze abolisyon imedya esklavaj la avèk pwomès refòm agrè nan benefis ansyen esklav ki vin lib yo. Li te kreye  tou yon nouvo gwoup militè, Batayon 32, nan lide pou li kreye travay pou kèk ansyen esklav. Li te sezi yon bon seri kantite tè ki te pou Leta avèk Legliz. Popilasyon ki pat blan nan Sendomeng lan te byen akeyi mezi politik sa yo rejim ayisyen an te pwopoze yo. Yon lòt kote, elit la te ba yo gwo opozisyon, jan nou kapab wè sa nan korespondans Francisco Brenes avèk Francisco Gonzalez de Linares te genyen ansanm.

Kòm refòm agrè a te fin tabli, Bwaye elimine ansyen sistèm « Terrenos comuneros » (kote  tè yo te pou plizyè pwopriyetè ki te kiltive yo), epi li suiv modèl ayisyen pou ranmase taks. Li fè adopte lòt lwa ki favorize agrikilti avèk elvaj bèt. Li prezante Kòd riral la ki di peyizan yo gen manda pou travay nan plantasyon, sinon yo kapab pini lòt moun ki ta deside travay ladan yo. Lòt lwa te vin panche sou eliminasyon jwèt aza avèk gagè, rediksyon yon seri fèt relijye, avèk lòt lwa ki mete aksan sou ogmantasyon pwodiksyon ak eliminasyon espas kote yo ta kapab ankouraje dezakò sosyal ak politik. Revandikasyon ak refòm sa yo mennen gwo mekontantman ak rezistans bò kote ansyen elit ki te ap fè gadinay e anpil  nan peyizan yo.

Wo nivo pwotestasyon yo ajoute sou enkapasite Bwaye pou amelyore lavi kreyòl yo avèk ansyen esklav yo favorize devlopman yon seri mouvman rezistans nan diferan pati zile a. Youn nan mouvman ki te pi enpòtan se te « Trinitarios » yo, yon seri moun tankou Juan Pablo Duarte et Ramón Mella avèk jèn milat Francisco del Rosario Sánchez te ap dirije. Mouvman sa yo, mete sou opozisyon yon seri gwoup an Ayiti, avèk konsekans yon gwo tranblemanntè an 1842, vin febli gouvènman Bwaye a. 

Le 22 fevriye 1844, Trinitarios yo defile sou Puerta del Conde, nan Sendomeng, epi yo pwoklame endepandans Sendomeng nan men Ayiti. Jis jounen jodi a, Dominiken yo selebre endepandans nasyonal yo nan dat sa a ki make separasyon avèk vwazen ayisyen yo ki nan pati lwès zile a, men non avèk Kouwòn espànyòl la.