« Bwaye, abolisyonis ewopeyen ak Afwo-Ameriken yo » (Alyssa Goldstein Sepinwall, Ph.D.)

Sepinwall se pwofesè istwa nan Inivèsite Leta Californie, San Marcos. Li se otè Haitian History: New Perspectives (2013) avèk The AbbéGrégoire and the French Revolution (2005).

Janpyè Bwaye vin prezidan repiblik sid Ayiti apre lanmò Aleksann Petyon an 1818. An 1820, apre wa Anri Kristòf fin suiside tèt li, fòs Bwaye yo pran pati nò a epi fè tout peyi a vin yon sèl. Jan sa te ye pou Petyon ak Kristòf, youn nan pi gwo obstak Bwaye se te izòlman Ayiti, paske anpil lòt peyi te refize rekonèt endepandans peyi a. An 1814, Petyon ak Kristòf te resevwa, yo chak bò kote pa yo, yon emisè wa fransè Lwi XVIII. Emisè yo tante fòse dirijan ayisyen yo kwè Lafrans ap respekte libète yo si yo asepte rejwenn anpi fransè a.

Negosyasyon yo te vin kanpe lè yo te vin dekouvri emisè Lwi XVIII yo te rele Dauxion-Lavaysse te genyen plan sekrè pou remete Ayiti anba dominasyon Lafrans (gade Pwosè vèbal ki pi ba a).

Diran prezidans Bwaye a, li antreprann anpil inisyativ pou redui izòlman diplomatik Ayiti a. Li ekri abolisyonis ewopeyen yo tankou pè fransè Anri Gregwa kote li te ap chèche genyen konsèy avèk amitye yo. Bwaye avèk koloboratè li yo fè lwanj pou Gregwa kòm moun ki ap defann Ayiti, epi yo mande abe a pou li vin evèk katolik an Ayiti (Vatikan pa te dakò nome li paske li te refize devlope relasyon avèk Ayiti). Tandiske Gregwa refize envitasyon an, li prefere vin yon konseye etranje pou gouvènman Ayiti a, kote li ta kapab bay konsèy nan domèn politik, relijyon ak moral (gade De la libertéde la conscience de linstance Grégoire et de culte àHaïti).
Finalman, an 1825, Lafrans rekonèt Ayiti. Men, Etazini kontinye refize relasyon diplomatik avèk Ayiti. Apati mitan ane 1820 yo, Bwaye lanse yon inisyativ ki vize ranfòse lyen ak sitwayen ameriken pou ede li peple repiblik li a. Nan yon gwo diskou sou « solidarite panafriken », li voye reprezantan Etazini pou ankouraje Afwo-Ameriken yo vin etabli yo an Ayiti (gade dokiman ki pi ba a). Anpil nwa lib Etazini wè pwopozisyon Bwaye a enteresan. Yo te wè Ayiti, ki te batay anpil pou kouri dèyè esklavaj e pran endepandans, kòm yon avangad pou libète nwa yo; ale viv la ta kapab fè yo sove anba rasis ameriken an. Anviwon 13 000 Afwo-Ameriken te emigre an Ayiti nan ane 1820 yo. Men, kondisyon yo pa te sa yo te pwomèt yo; yo te espere travay kòm komèsan oubyen atizan, men yo te souvan oblije al travay kòm ouvriye agrikòl nan plantsayon. 

Lè yo dekouvri yo te twonpe yo, anpil nan yo retounen Etazini. Malgre echèk inisyativ sa a, mouvman imigrasyon nan ane 1820 yo te fè wout pou kreyasyon lyen dirab ant Afwo-Ameriken ak Ayiti, e pou yon lòt mouvman emigrasyon ki pral fèt nan ane 1850 yo. Istwa pwojè imigrasyon Bwaye a siviv nan yon seri chanson tankou « Ching a ring chaw » (al gade nan sous la). Chanson sa a, dabò yon seri blan ameriken rasis te ekri pou ridikilize mouvman imigrasyon an, te vin tounen yon klasik nan liv chanson ameriken an nan yon vèsyon modifye Aaron Copland te konpoze.

 

.