« Bwaye ak Misyon diplomatik Bwaye nan peyi Larisi » (Louis E. Elie)

Yon ekstrè nan liv Elie a ki rele Le Président Boyer et l'Empereur de Russie Alexandre Ier (1942). Elie te yon istoryen ayisyen ki ekri plizyè liv nan mitan ventyèm  syèk la, tankou Histoire d'Haïti (1944). Nan ekstrè ki pi ba a, li esplike kòman prezidan Bwaye te deplwaye yon vye zanmi li, yon jeneral fransè yo te rele Jak Bwaye, pou al negosye yon trete komès avèk tsa ris Aleksann 1 [Russian Czar Alexandre I].

Lè prezidan Janpyè Bwaye rive sou pouvwa a (1e avril 1818), li chèche konsolide Repiblik la gran prezidan Aleksann Petyon te fonde an 1807. Men sa Aleksann Lilavwa, yon gran ekriven ayisyen di: « Alòske yo te kwè nan avni peyi a andedan peyi a, chèf Leta a pa te kapab kache pi gwo pwoblèm sa te prezante nan je moun lòt peyi yo, li te toujou pa te genyen mwayen pou garanti yon solisyon otonòm konplè [… Konsa] pandan li ap prepare li pou sa, li pa ezite kreye nouvo relasyon politik pou ede Repiblik la fè fas-kare avèk enfliyans ansyen metwopòl la an Ayiti epi pou fasilite negosyasyon li ta pral mennen pou jwenn rekonesans endepandans Ayiti nan men gouvènman fransè. Se konsa prezidan an sonje li ta kapab anplwaye jeneral Jak Bwaye, yon ansyen ofisye siperyè nan espedisyon Leklè a (an 1802), kòm medyatè pou prezante yon pwopozisyon bay gouvènman ris la ». 

Pou konprann pou ki sa prezidan ayisyen an chwazi yon jeneral fransè kòm reprezantan li bò kote Lakou Larisi, nou kapab konsidere esplikasyon sa a Bobren Adwen bay « Plizyè semèn apre [moun nan kan fransè nan Revolisyon ayisyen an] yo te fin sezi zam [jeneral Aleksann ] Petyon, yo arete Janpyè Bwaye nan Pòtoprens, kote li te vin pèdi travay li… Pandan li nan prizon, li ekri Jak Bwaye, yon jeneral adjwen ki te kolonèl nan Lejyon Lwès anvan sa. Se ofisye sa a, ki te zanmi  anpil avèk milat ak nwa yo, ki te abò yon bato fransè epi ki te rekòmande Bwaye bay ofisye yo avèk amiral la ».

Misyon prezidan Ayiti a te konfye Jak Bwaye a, yon diplomat san preparasyon ni fòmasyon, pa te genyen okenn objektif klè. Sa te pèmèt li kache mezantant ki te anpeche tout rapwochman politik ak komèsyal ant Lafrans avèk ansyen koloni an, soti 1814 rive 1821, sa ki te anpeche yo rezoud rayisman Ewòp pou Ayiti. Anvan tou, li te kesyon tou pou etabli yon trete komèsyal serye ant Larisi avèk ti Repiblik antiyè a, ki ta kapab netralize epi fè fas-kare avèk move enfliyans Lafrans lan. 

Pou misyon difisil sa a, reprezantan Ayiti a anplwaye tout resous entelijans li avèk bònfwa li. Nan yon premye tan, li te sanble difisil pou misyon an fè siksè, jan Compte de Divoff, chèf ministè [Larisi] pou Afè etranjè a te ap eseye ankouraje jeneral Jak Bwaye. Kategorikman, li fè konnen Larisi te riske pwòp prestij avèk diyite li lè li dakò fè entèvansyon danjere sa a nan yon moman kote Trete Pari 1814 la te fin retabli lòd  nan palman fransè a.

Men Jak Bwaye pa te yon moun ki te dekouraje fasil poutèt premye echèk yo. Li detèmine pou li jwenn yon rezilta favorab, li te afab, elegan, e veyatif avèk Aleksann I ki, li menm, te gen yon gwo pasyon ak yon bon metriz pouvwa san limit li a.

Yon bagay pou nou pa bliye nan finisman etid sa a, sèke anperè Larisi a, nan anpil jefò li anfavè Ayiti, pa te janm rekonèt prensip dedomajman 150 milyon fran Ayiti te peye kolon fransè yo. Anperè Larisi a pa te janm di yon mo sou gwo ranson lajan sa a yon òdonans wayal te obije Ayiti peye [an 1825] pou rekonèt endepandans li.